Chimen pa Bondye a pouw fè SiksèEgzanp

God’s Path to Success

JOU 3 SOU 3

Ankenn moun pap planifye pou yo echwe. Epitou pwiske nou pa kapab retounen epi defèt erè tan pase nou yo, nou vin gen opsyon pou nou gen siksè soti isit la ale deyò. Nou kapab swa kòmanse oubyen kontinye vwayaj la pou akonpli sa kise desten pa Bondye pou nou.

Bondye ban nou sekrè pou nou viv yon lavi ki gen siksè nan Sòm 25:14. Konnen alyans Bondye a se konnen favè ak benediksyon li yo. Alyans li an klèman mare ak kouvèti li a. Mete tèt ou anba règ alyans Bondye a nan lavi epitou ou pral fè eksperyans siksè espirityèl la. 

Men, gen yon kondisyon nan vèsè sa: wap sèlman vin konnen alyans Bondye a lèw gen krentif pou li. Gen yon senaryo kòz ak efè pouw reyalize siksè espirityèl la. Sa gen rapò ak sa ou fè parapò ak lonè epi respè ou montre pou Bondye ansanm ak pawòl li. Bagay sa dirèkteman pral afekte nivo siksè espirityèl ou. Ou pap kapab dezonore Bondye nan desizyon ou yo epitou pou wap espere reyalize nenpòt nivo siksè a nan wayòm lan. Siksè kòmanse nan respè ak obeyisans.

Nan ki zòn sa yo nan lavi ou, kote ou pap montre yon bon krentif pou Bondye?

Kisa sa vle di pou ou genyen yon alyans avèk Bondye?


Nou espere ke plan sa te ankouraje ou. Aprann plis sou Tony Evans ak Wayom Gason kap leve yo la.  

Jou 2

Konsènan Plan sa a

God’s Path to Success

Tout moun ap chache siksè, men anpil moun pa kapab jwenn li paske sa yap kouri dèyèl la se yon fo konpreyansyon sou sa ki vle di viv yon lavi siksè. Pou jwenn vrè siksè a ou bezwen fikse zye ou sou definisyon pa Bondye a sou kisa sa vle di. Kite otè Tony Evans ki vann anpil liv montre ou chimen ki mennen nan vrè siksè wayòm lan ak fason ou kapab jwenn li.

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/