Enfo Plan an

Chimen pa Bondye a pouw fè SiksèEgzanp

God’s Path to Success

JOU 1 SOU 3

Anpil moun pa anvizaje siksè pou sa li ye a tout bon vre. Moun sa yo ap tann fedatifris, gwo pwojektè ak yon gwo estad ranpli ak gwo aplodisman. Endistri amizman ak sit rezo sosyal nou yo, ansanm ak pwofesyonèl espòtif yo, te kreye yon opinyon ki pa reyèl sou kisa sa vle di lèw se yon moun ki gen siksè. Malerezman, atant ireyèl sa souvan lakòz nou rate vrè siksè a lè bagay sa vini ansanm. Oswa, sa lakòz nou rate poun ta jwi siksè nou te gentan reyalize. Kòm yon rezilta lè nou pa rekonèt bagay sa, nou kapab ap kouri moute tankou van dèyè pwochen gwo bagay la. Epi, pwochen bagay lan se ap pwochen sa kap vini an. Nou vin twouve tèt nou kap vire anwon nan kous lavi rat la. 

Pwiske nap viv nan yon mond ki brize, tache ak peche epi efè peche yo, anpil etap enpòtan pou siksè nan lavi nou kapab sanble dous anmè lè tout bagay fin di epi fini. Sòf si nou konprann nati siksè espirityèl la, nou kapab fini nan yon demand ki pap-janm fini pou yon bagay nou te gentan resevwa. San yon konpreyansyon ki klè sou kisa siksè wayòm lan ye, nou pap konnen kijan poun envesti tan, talan ak trezò nou yo. Kèlkeswa sa ou simen an lap detèmine sa wap rekòlte a. Men, souvan Satan toujou fè nou simen nan move bagay yo paske nou mal konprann akisa siksè otantik la sanble. 

Ki 3 pi gwo bagay oswa vizyon ou te simen ladan yo pandan denye ane sa yo?

Kisa rezilta yo bay, epi èske bagay sa yo rantre nan kalandrye wayom Bondye a? 


Jou 2

Konsènan Plan sa a

God’s Path to Success

Tout moun ap chache siksè, men anpil moun pa kapab jwenn li paske sa yap kouri dèyèl la se yon fo konpreyansyon sou sa ki vle di viv yon lavi siksè. Pou jwenn vrè siksè a ou bezwen fikse zye ou sou definisyon pa Bondye a...

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an