Chimen pa Bondye a pouw fè SiksèEgzanp

God’s Path to Success

JOU 2 SOU 3

Nan domèn espirityèl la, Nan domèn espirityèl la, nou jwenn siksè nan akonpli sa kise objektif Bondye pou lavi nou. Sa se definisyon siksè ki soti nan bib la. Nan kilti nou an jounen jodi a, gen yon kantite deskripsyon tèt anba sou kisa sa vle di gen siksè. Gen kèk moun ki sipoze ke siksè mare ak kontite lajan ou genyen. Gen lòt moun ki baze sou gwosè nivo karyè ou te monte. Denye jou sa yo siksè ta kapab defini gras ak konbyen moun kap swiv ou sou medya sosyal yo. Men, pwoblèm nan parapò ak tout sipozisyon sa yo, se paske yo pa baze sou estanda siksè pa Bondye a.

Jezi te ban nou definisyon siksè a lè Li te di, “Mwen fè glwa Ou sou tè a, Mwen fin fè travay Ou te ban Mwen fè a” (John 17:4).

Pòl te di menm bagay la nan yon fason ki diferan lè li te dekri mo sa yo: “Mwen te batay pou bon koz la, Mwen atenn objektif kous la, Mwen te kenbe lafwa” (2 Timothy 4:7).

An reyalite, Bondye te di Jozye ke siksè pa li a te baze antyèman sou bon meditasyon li yo sou pawòl Bondye a konbine ak desizyon epi aksyon li yo anba bagay sa (Joshua 1:8). Siksè enplike akonplisman sa Bondye te relew pouw vin fè a.

Ki definisyon paw de siksè?

Kouman definisyon sa kapab konpare ak definisyon pa Bondye a?

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

God’s Path to Success

Tout moun ap chache siksè, men anpil moun pa kapab jwenn li paske sa yap kouri dèyèl la se yon fo konpreyansyon sou sa ki vle di viv yon lavi siksè. Pou jwenn vrè siksè a ou bezwen fikse zye ou sou definisyon pa Bondye a sou kisa sa vle di. Kite otè Tony Evans ki vann anpil liv montre ou chimen ki mennen nan vrè siksè wayòm lan ak fason ou kapab jwenn li.

More

Nou ta renmen remèsye The Urban Alternative (Tony Evans) paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://tonyevans.org/