9 Manti komen kretyen yo kwè: Pati 3 nan 3 Egzanp

Lè w'ap travèse yon sezon difikilte ak soufrans, li fasil pou w' santi komnsi Bondye bliye w'. Sepandan, sa se yon manti.
Bondye te kenbe pwomès li pou premye fwa Jezi te gen pou vini. Menm jan sen Ansyen Testaman yo t'ap tann premye vini an, nou menm sen Nouvo Testaman an, nou ap tann dezyèm vini l' lan. An reyalite, gen plis pwofesi nan Labib konsènan dezyèm vini Jezi pase premye vini l'.
Ala bèl espwa sa pote. Li sonje ou. Li konnen lit, soufrans ak tristès ou yo. Li konnen lè w' santi w' abandone e li toujou renmen w' e li sonje w. Li pwomèt ou ke soufrans ou ap gen yon dat ekspirasyon. Jan bagay yo ye kounye a se pa fason sa y'ap toujou rete. L'ap retounen paske Li sonje ou.
Sepandan dezyèm vini an ap konplètman diferan de premye vini an:
Premye fwa Jezi te vini sou tè a, li te vini kòm yon ti bebe. Lè li tounen, li pral tounen yon gran wa.
Premye fwa Jezi te vini sou tè a, li te vini nan feblès ak dousè. Lè li tounen, li pral tounen ak pouvwa ak glwa.
Premye fwa Jezi te vin sou tè a, li te vini kòm yon sèvitè ki soufri. Lè li tounen, li pral vini kòm yon mèt viktorye.
Lè Jezi te vin sou tè a pou premye fwa, kèk grenn moun nan yon vil yo rele Betleyèm te konnen sa. Lè li tounen, tout moun sou tè a pral konnen kiyès li ye.
Premye fwa Jezi te vin sou tè a, se sèlman kèk wa maj ki te bese tèt devan li. Lè li tounen, tout jenou pral bese devan li.
Sepandan, pral gen kèk resanblans:
Premye fwa Jezi te vin sou tè a, li te vini paske li renmen ou. Lè li tounen, li pral vini paske li renmen ou.
Premye fwa Jezi te vin sou tè a, li te vini paske li te sonje ou. Lè li tounen, li pral vini paske li sonje ou.
Kesyon Refleksyon:
Ki diferans ki genyen ant premye vini Jezi ak dezyèm vini l'? Ki aspè nan wè Jezi fas a fas ki eksite w plis?
Verite:
Jezi pa bliye w. Li sonje ou. Doulè ou gen yon dat ekspirasyon.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Petèt Bondye pa moun ou panse Li ye a. Petèt Li pi bon. Meditasyon sa a pral ede idantifye kèk pawòl kretyen ap di, ke nou toujou tande men ki se manti yo pa biblik. Pawòl sa yo ka sanble inosan, men se danje pou lafwa nou epi fè twòp kretyen pa ka grandi nan lavi espirityèl yo. Aprann konfwonte manti sa yo ak verite Labib anseye sou Bondye pou nou ankouraje e pou nou libere lavi nou.
More