9 Manti komen kretyen yo kwè: Pati 3 nan 3 Egzanp

9 Common Lies Christians Believe: Part 3 Of 3

JOU 2 SOU 3

Si nou pa fòse soumèt ak jistis Kris la pou nou chak jou, lè sa a, nou tout ap natirèlman retounen nan bay pwòp tèt nou jistis. Bay pwòp tèt nou jistis se yon manti danjere ki pral mennen nou nan nan twou awogans.

Travay di anpil pou Bondye renmen ou se rezilta pwòp jistis tèt ou. E kisa sa ye? Se efò pou w vin jis devan Bondye grasa pwòp efò pa w'. Bay pwòp tèt ou jistis toujou defini pa tèt ou. Ou deside ki sa ki bon ak mal. Ou kraze kò ou pou w' esaye defini ki bon ase pou satisfè Bondye. Oswa, pou pi klè, ou chwazi sa ki satisfè tèt ou. Ou Travay dezespereman pou rive nan pwen kote ou ka di, "Se bon ase. Mwen parye ke Bondye renmen m' kounye a."

Se yon gwo twou san fon danjere pou w' ta twouve w' paske gen yon sèl jij pou tout zafè espirityèl la: ou menm. Kit se prèch pastè a oswa pawòl dènye chante gwoup adorasyon an t'ap chante, pa gen anyen ki pwofon ase oswa bon ase pou ou. Ou se moun ki pi entelijan nan chanm nan. Ou aksè ak anndan kè Bondye. Sepandan, nan fon kè ou, ou konnen tout bagay sa yo se yon manti. Ou ap mouri. Ou pè. Anplis de sa, vèsè sa yo ki pouse a reflechi pandye sou tèt ou:

Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w''ap fè awogans, ou pa lwen mouri. (Pwovèb 16:18)

Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li. (1 Pyè 5:5)

Kesyon Refleksyon:

Ki sa ki bay pwòp tèt ou jistis? Nan moman nan lavi ou ou pa ka konsantre sou Kris, èske w' gen tandans awogan? Ki fason ou ka goumen kont awogans jodi a?

Verite: 

Kretyen yo pa sove pa pwòp travay yo, men grasa travay Kris la. Kidonk, nou pa gen okenn rezon pou nou awogan. Nou ta dwe sèlman glorifye nan Bondye.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

9 Common Lies Christians Believe: Part 3 Of 3

Petèt Bondye pa moun ou panse Li ye a. Petèt Li pi bon. Meditasyon sa a pral ede idantifye kèk pawòl kretyen ap di, ke nou toujou tande men ki se manti yo pa biblik. Pawòl sa yo ka sanble inosan, men se danje pou lafwa nou epi fè twòp kretyen pa ka grandi nan lavi espirityèl yo. Aprann konfwonte manti sa yo ak verite Labib anseye sou Bondye pou nou ankouraje e pou nou libere lavi nou.

More

Nou ta renmen remèsye WaterBrook Multnomah pou bèl plan sa li pataje ak nou. Pou plis enfòmasyon vizite: https://waterbrookmultnomah.com/books/567221/9-common-lies-christians-believe-by-shane-pruitt/