Pouki Fèt Pak la?Egzanp

Why Easter?

JOU 4 SOU 5

Libere anba kisa?

Jezi pa sou tè a ankò fizikman, men li pa kite nou pou kont li. Li te voye Sentespri l pou rete avèk nou. Lè Lespri li vin viv anndan nou, li ban nou yon nouvo libète.

Libète pou konnen Bondye

Bagay nou fè ki mal yo lakòz yon baryè ant nou menm ak Bondye: ‘Se mechanste nou yo ki mete yon baryè ant nou ak Bondye nou an (Ezayi 59:2). Lè Jezi te mouri sou kwa a, li te retire baryè ki te egziste ant nou menm ak Bondye. Kòm rezilta, li te fè sa posib pou nou gen yon relasyon ak Kreyatè nou an. Nou vin pitit gason ak pitit fi Bondye. Sentespri garanti nou relasyon sa a, e li ede nou konnen Bondye pi byen. Li ede nou priye epi konprann pawòl Bondye a (Labib).

Libète pou n renmen

‘Nou renmen l paske li te renmen nou an premye’ (1 Jan 4:19). Lè nou gade kwa a, nou konprann lanmou Bondye pou nou. Lè Lespri Bondye a vin viv nan nou, nou santi lanmou sa a. Lè nou fè sa, nou resevwa yon nouvo lanmou pou Bondye ak pou lòt moun. Nou lib pou nou viv yon lavi ki gen lanmou—yon lavi ki santre sou renmen ak sèvi Jezi, sou renmen ak sèvi lòt moun olye yon lavi ki santre sou tèt nou.

Libète pou chanje

Moun pafwa di, 'Ou se sa w ye a. Ou pa ka chanje.’ Bon nouvèl la se ke avèk èd Sentespri, nou ka chanje. Sentespri ban nou libète pou nou viv kalite lavi nou te toujou vle viv nan fon kè nou an. Apot Pòl di nou fwi Lespri a se ‘lanmou, lajwa, lapè, pasyans, jantiyès, bonte, fidelite, dousè ak kontwòl’ (Galat 5:22-23). Lè nou mande Lespri Bondye a pou l vin viv anndan nou, bèl karakteristik sa yo kòmanse grandi nan lavi nou.

Jou 3Jou 5

Konsènan Plan sa a

Why Easter?

Sa k fè Pak enpòtan konsa a? Poukisa anpil moun eterese nan yon moun ki fèt sa gen 2,000 an? Poukisa anpil moun kontan anpil poutèt Jezi? Poukisa nou bezwen l? Poukisa li te vini? Poukisa li te mouri? Poukisa yon moun ta dwe chèche konnen? Nan plan 5 jou sa a, Nicky Gumbel pataje repons konvenkan pou kesyon sa yo.

More

Nou ta renmen remèsye Mandi Hart pou plan sa li bay la. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://alpha.org/