Jean 21

21
1Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote #Jn 6:1Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
2Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e #Mat 4:21fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
3Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”
Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e #Luc 5:5nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
4Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo #Luc 24:16pa t konnen ke se te Jésus.
5Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, #Luc 24:41èske nou pa gen kèk grenn pwason?”
Yo te reponn Li: “Non”.
6E Li te di yo #Luc 5:4“Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”
Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
7 # Jn 13:23 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”
Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
8Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9E lè yo te desann atè, yo te wè yon #Jn 18:18dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan #Jn 6:9-11pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkant-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12Jésus te di yo: “Vin pran #Jn 21:15ti dejene.”
Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
13Jésus te vini. Li te pran #Jn 21:9pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14Sa koulye a se #Jn 20:19-26twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, #Mat 26:33èske ou renmen M plis ke sa yo?”
Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: #Mat 2:6“Fè bèje mouton Mwen yo.”
17Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, #Jn 16:30Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
19Sila Li te di pou montre pa #II Pi 1:14ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20Pierre te vire gade pa dèyè e te wè #Jn 21:7disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te #Jn 13:25apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, #Mat 8:22swiv Mwen!”
23Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete #Mat 16:27jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24Sa se disip ki #Jn 15:27fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25Epi genyen osi #Jn 20:30anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tou lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

Chwazi Kounye ya:

Jean 21: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte