Travay 1

1
1Premye istwa ke m te ekri a, chè #Luc 1:3Théophile, sou tout bagay ke Jésus te #Luc 3:23kòmanse fè ak enstwi yo, 2jis rive jou lè Li te monte nan syèl la #Mat 28:19apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo. 3A sila yo osi #Mat 28:17Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
4Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: #Luc 24:49“Pa kite Jérusalem, men tann #Jn 14:24sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an #Trav 2:1-4pa a anpil jou de kounye a.”
6Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè #Mat 17:11èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
7Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke #Mat 24:36Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. 8Men Nou va resevwa pouvwa lè #Trav 2:1-4Lespri Sen an vini sou nou. Nou va #Luc 24:48temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
9Lè Li te fin di bagay sa yo #Luc 24:50,51Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
10Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala #Luc 24:4de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va #Mat 16:27vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
12Alò, yo te #Luc 24:52retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. 13Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan #Mc 14:15chanm anlè kote yo t ap rete a; #Mat 10:2-4sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. 14Sa yo avèk yon sèl panse yo #Trav 2:42t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
15Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16“Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas #Mat 26:47ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan #Trav 1:25èv sila a.
18“Alò mesye sila te vin #Mat 27:3-10achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. 19Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke #Mat 27:8nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
20“Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: #Sòm 69:25
‘Kite kote li rete a vin devaste;
e pa kite pèsòn rete ladan l’;
# Sòm 109:8 ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’. #Sòm 109:8
21“Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke #Luc 24:3Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, 22kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
23Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak #Trav 1:26Matthias. 24Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè #Mat 3:16ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a, 25pou okipe èv #Wo 1:5apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
26Yo te #Lev 16:8fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte