Travay 2

2
1#Lev 23:15jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. 2Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli #Trav 4:31tout kay kote yo te chita a. 3Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. 4Yo tout te vin #Trav 4:8,31ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse #I Kwo 12:1pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
5Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; #Luc 2:25lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. 6Konsa, lè #Trav 2:2bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
7Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa #Mat 26:73Galileyen? 8E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? 9Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo #Trav 18:2Pont ak #Trav 6:9Asie yo 10Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, #Mat 23:15 11Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
12 # Trav 2:7 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
13Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk #Trav 1:26onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a #I Tes 5:7paske se sèlman twazyèm è nan jounen an. 16Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
17 # Jl 2:28-32 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
18Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.
19Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,
ak sign anba sou latè;
san avèk dife, avèk vapè lafimen.
20Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,
avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
21E li va rive ke #Wo 10:13tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
22“Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: #Trav 3:6Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23nonm sila a, livre selon plan ak #Luc 22:22avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24Men #Mat 28:5,6Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
25‘Paske David te di sou Li:
# Sòm 16:8-11 ‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an;
paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
26Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.
Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27paske #Trav 2:31Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,
ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
28Ou fè m konnen chemen lavi yo;
Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
29“Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te #I Wa 2:10antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. 30Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke #Sòm 132:11Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, 31li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la #Mat 11:23ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ 32Jésus sila #Trav 2:24Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
33“Konsa, akoz Li te leve wo rive kote #Trav 5:31men dwat Bondye, e #Trav 1:4te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
34“Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di:
# Sòm 110:1 ‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
35Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
36“Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni #Luc 2:11Senyè, ni #Trav 2:23Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo #Luc 3:10,14,15kisa pou nou ta fè?”
38Pierre te di yo: #Mc 1:15“Repanti e ke chak en de nou vin #Trav 8:12,16batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de #Det 32:5jenerasyon moun mechan sila a!”
41Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil #Trav 3:23nanm. 42Yo te #Trav 1:14toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, #Luc 24:30nan kase pen, ak lapriyè.
43Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil #Trav 2:22mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e #Trav 4:32,37te mete tout byen yo ansanm: 45Yo te #Mat 19:21vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46#Trav 5:42De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47Yo t ap bay Bondye lwanj, e te #Trav 5:14gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te #Trav 2:41ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte