Jean 20

20
1 # Mat 28:1-8 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan. 2E li te kouri vini kote Simon Pierre ak #Jn 13:23lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: #Jn 20:13“Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
3 # Luc 24:12 Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.
4Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan. 5Lè l bese gade ladann, li te wè #Jn 19:40twal lèn yo atè a, men li pa t antre.
6Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a, 7men #Jn 11:44twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
8Lòt disip la #Jn 20:4ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè. 9Paske jiska moman sa a, #Mat 22:29yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.
10Konsa, disip yo te kite la #Luc 24:12pou retounen nan pwòp kay pa yo.
11 # Mc 16:5 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. 12E li te wè #Mat 28:2de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
13Yo te di li: #Jn 20:15“Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz #Jn 20:2yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.” 14Lè li te fin di sa, li te vire, e #Mat 28:9te wè Jésus t ap kanpe la, men li #Jn 21:4pa t konnen ke se te Jésus.
15Jésus te di li #Jn 20:13“Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
16Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: #Mc 10:51“Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
17Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote #Mat 28:10 frè M yo e di yo ke ‘Mwen #Jn 7:33monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
18Marie #Luc 24:10-23Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
19Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: #Luc 24:36“Lapè avèk nou.” 20E lè Li te di sa, #Luc 24:39-40Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. #Jn 17:18Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 # Mat 16:19 “Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
24Men #Jn 11:16Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo #Jn 20:20nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”
26Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: #Luc 24:36“Lapè avèk nou!”
27Alò Li te di a Thomas #Luc 24:40“Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”
28Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”
29Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? #I Pi 1:8Beni se sila yo ki pa t wè, men te kwè.”
30 # Jn 21:25 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan #Jn 3:15kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

Chwazi Kounye ya:

Jean 20: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte