2 Kor 13

13
Dènye avètisman ak salitasyon fin al
1Sa fè twazyèm fwa m ap vin vizite nou. Sonje: “tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.”#Det 19:15. 2Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou. 3Sa ap sèvi yon bon prèv pou tout moun ki gen dout se pòtpawòl Kris la mwen ye. Kris pa manke fòs lè l ap aji pou nou, okontrè li manifeste puisans pami nou. 4Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.
5Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou. 6Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja. 7N ap priye Bondye pou ou pa fè anyen ki mal. Sousi prensipal nou, se pa pou nou gen rezon, men se pou n pratike sa ki byen, menm si, nan ka sa a, li ta sanble se nou ki echwe egzamen an. 8Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a. 9Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite. 10Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.
11Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.
12Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.#13:12 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”. Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.
13Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon#13:13 kominyon Sa ka vle di pataj oswa patisipasyon nan Sentespri a. Li ka vle pale tou sou kalite asosyasyon lanmou ak inite Sentespri kreye nan mitan kwayan yo. Sentespri a rete avèk nou tout.

Chwazi Kounye ya:

2 Kor 13: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an