2 Kor 12

12
Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl
1Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. 2Mwen konnen yon kretyen#12:2 yon kretyen Literalman, “yon nonm an Kris”. Nan 12:2-5, Pòl ap pale de tèt li. ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. 5Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.
6Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.
7Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. 8Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. 9Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.
Pòl fè konnen sousi li gen pou legliz Korent la
11Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. 12Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. 13Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!
14Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. 15Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?
16Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. 17Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? 18Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?
19Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. 20Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. 21Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.

Chwazi Kounye ya:

2 Kor 12: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an