2 Kor 11

11
Konparezon ant Pòl ak fo apot yo
1Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non! 2Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj. 3Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la. 4Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.
5Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m. 6Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.
7Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen? 8Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. 9Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. 10Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a. 11Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!
12M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. 13Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la. 14Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè. 15Konsa, sa pa dwe etone nou si sèvitè Satan yo ap fè sanblan yo se moun k ap travay pou sa ki jis. Men alafen, y ap jwenn pinisyon aksyon yo merite.
Pòl ap pale sou soufrans li kòm apot
16M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras. 17Nan kesyon vante tèt la, mwen p ap pale jan Senyè a li menm ta pale. M ap pale pito tankou yon moun fou. 18Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou. 19Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen! 20Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.
Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit#11:22 Ebre … Izrayelit Se diferan non pou pèp Juif la. yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.
24Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. 25Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. 26Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.
27Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou. 29Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.
30Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb. 31Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan. 32Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m. 33Men kèk zanmi te mete m nan yon panye. Yo fè panye a pase nan yon twou nan miray la epi yo desann mwen anba. Se sa ki te pèmèt mwen chape anba l.

Chwazi Kounye ya:

2 Kor 11: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an