Gal 1

1
1Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris#1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. 2Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi#1:2 Galasi Pwobableman, se kote Pòl te plante legliz yo pandan premye vwayaj misyonè l la. Gade nan Trav 13–14. yo.
3Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. 4Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. 5Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Gen yon sèl Levanjil
6Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. 7Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. 8Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. 9Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.
10Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.
Levanjil Pòl preche a soti nan Bondye
11Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm. 12Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.
13Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. 14Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.
15Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m,#1:15 Gade nan Eza 49:1; Jer 1:5. epi li te rele m nan gras li. 16Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy. 17Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.
18Twazan apre Bondye te fin rele m nan,#1:18 Twazan … m nan Oubyen “Twazan apre m t al Damas premye fwa a.” m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè.#1:18 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 2:9, 11, 14. Mwen te pase kenz jou avè l. 19Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a. 20Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a. 21Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.
22Men, pandan tout tan sa a, frè ak sè nan legliz Jezikris ki nan Jide yo pa t janm konnen m. 23Sèlman tande yo te konn tande pale de mwen. Yo te konn tande moun ap di: “Men nonm ki te konn ap pèsekite nou an ap anonse menm bagay li te konn ap chache kraze a.” 24Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Gal 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an