Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo. Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
Li 1 Pyè 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 1:3-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo