1 Pyè 1:3-7
Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an. Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
1 Pyè 1:3-7