1 Pyè 1

1
1Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. 2Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt.#1:2 ki te koule a fè nou pwòp nèt Sa sanble ak yon seremoni yo te konn fè pou ratifye alyans avèk pèp li a (gade nan Egz 24:7-8, kote fraz “obeyi” epi “aspèsyon san” yo parèt ansanm). Men li kapab gen lòt lide ladan l tou. Nan Ansyen Testaman, aspèsyon ak san bèt se te yon seremoni pirifikasyon (Lev 14:6-7; 16:14-16) ak konsekrasyon prèt yo tou (Egz 29:21), gen yon lòt lide ki enpòtan tou nan 1 Pyè (2:5, 9). M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.
Yon espwa ki p ap janm fini
3Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. 4N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.
5Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. 6Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. 7Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
8Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. 9Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou.
10Pwofèt yo te fouye anpil epi yo te eseye aprann anpil bagay sou delivrans sa a. Yo te pale anpil sou gras Bondye te pare pou nou an. 11Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.
12Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.
Annou viv yon lavi ki dwat devan Bondye
13Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen. 14Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan. 15Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè. 16Paske men sa Bib la di: “Se pou nou sen paske mwen menm mwen sen.”#Lev 11:44, 45; 19:2; 20:7.
17N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye. 18Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo. 19Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo. 20Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou. 21Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.
22Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou. 23Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase. 24Bib la di:
“Moun se tankou zèb yo ye,
tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden.
Yo seche epi yo tonbe.
25Men pawòl Bondye a la pou tout tan.”#Eza 40:6-8.
Se pawòl sa a menm nou te tande a.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an