1 Pyè 2

2
Jezi se wòch ki pi enpòtan an
1Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay. 2Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove. 3Nou gentan goute jan Senyè a bon deja.
4Jezi, Senyè a, se wòch vivan an.#2:4 wòch vivan an Wòch ki pi enpòtan nan tanp espirityèl Bondye a (pèp Bondye a). Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. 5Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp#2:5 tanp Literalman, “kay”, lakay Bondye, plas kote pèp Bondye a ap adore l. Isit la, li vle di kwayan yo se tanp espirityèl la kote Bondye ap viv. espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. 6Bib la di:
“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
p ap janm wont.”#Eza 28:16.
7Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:
“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”#Sòm 118:22.
8Pou moun sa yo, li se
“yon wòch k ap fè moun fè bitay,
yon wòch k ap fè moun tonbe.”#Eza 8:14.
Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.
9Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.
10Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.#2:10 Gade nan Oze 2:23.
Viv pou Bondye
11Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. 12Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.
Obeyi chèf
13Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a. 14Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay. 15Lè n fè byen, nou fèmen bouch moun sòt yo, pou yo pa ka di move bagay sou nou. 16Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye. 17Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.
Swiv egzanp Jezi
18Nou menm esklav, mete nou pare pou n sèvi mèt nou. Fè sa avèk anpil respè. Obeyi bon mèt yo ak sa yo ki gen bon kè. Se pa yo sèlman pou n obeyi, obeyi mèt ki move yo tou. 19N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay. 20Si yo pini nou pou move bagay nou fè, alò pa gen rezon pou yo felisite nou. Men si nou soufri ak pasyans pou bon bagay nou fè, sa ap fè Bondye plezi. 21Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:
22“Li pa janm peche
epi li pa janm bay manti.”#Eza 53:9.
23Yo te joure l, men li pa t reponn. Li te soufri, men li pa t fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri. 24Kris “te pote peche nou yo”#Eza 53:12. nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. “Paske blesi li yo geri nou”.#Eza 53:5. 25Nou te tankou “mouton ki pèdi wout nou”.#Eza 53:6. Men kounye a, nou retounen vin jwenn Gadò nou an, sila a k ap veye sou lavi nou an.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 2: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an