1 Kor 2

2
Men mesaj mwen an: Jezi krisifye sou lakwa
1Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj#2:1 mesaj Literalman, “temwanyaj”. Kèk nan kopi Grèk yo genyen “verite ki sekrè”. sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save. 2Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa. 3Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè. 4Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun. 5Konsa, lafwa nou pa chita sou baz sajès lèzòm, men l chita pito sou pouvwa Bondye.
Sajès Bondye
6Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. 7Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. 8Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. 9Men sa Bib la di:
“Se bagay je pa janm wè,
zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”#Eza 64:4.
10Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.
11Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye. 12Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.
13Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a. 14Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. 15Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. 16Paske Bib la di:
Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a?
Ki lès ki ka ba li konsèy?#Eza 40:13.
Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la.

Chwazi Kounye ya:

1 Kor 2: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an