1 Kor 3

3
Lidè ak fidèl se sèvitè Jezikris
1Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la. 2Se ti lèt mwen te ba nou. Mwen pa t ba nou gwo manje, paske nou pa t ka sipòte gwo manje. Dayè, jouk jodi a, nou pa ko pare pou nou pran gwo manje. 3Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? 4Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti.
5Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. 6Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. 7Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi. 8Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè. 9Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a.
10Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. 11Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon. 12Gen moun ki sèvi ak lò, lajan, lòt materio yo fè bijou, bwa oswa pay pou bati sou fondasyon an. 13Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun. 14Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li. 15Men si kay la boule, l ap pèdi salè travay li. Moun nan ap sove. Men l ap tankou moun ki chape dejistès anba dife.
16Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? 17Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.
18Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre. 19Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”#Jòb 5:13. 20Bib la deklare tou: “Senyè a konnen panse moun saj yo. Li konnen panse sa yo pa vo anyen.”#Sòm 94:11. 21Konsa nou pa bezwen ap vante lidè ki pami nou yo. 22Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja. 23Nou menm nou pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

Chwazi Kounye ya:

1 Kor 3: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an