1 Kor 1

1
1Mwen menm Pòl, apot Jezikris,#1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, 2n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,#1:2 ki mete konfyans yo nan Senyè a Literalman, “moun k ap rele non Senyè nou an”, sa vle di moun ki bay prèv lafwa yo nan Jezi atravè adorasyon yo ofri ba li oswa lè yo priye l pou sekouri yo. Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.
3Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!
Pòl ap di Bondye mèsi
4Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris. 5Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans. 6Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a. 7Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen. 8Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive. 9Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.
Pwoblèm divizyon nan legliz Korent
10Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.
11Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè#1:12 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 3:22; 9:6; 15:5. m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!” 13Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize? 14M di Bondye mèsi, Mwen kontan m pa t batize okenn nan nou eksepte Krispis ak Gayis. 15Konsa pyès moun pa ka di se nan non Pòl yo te batize. 16A wi, mwen batize moun lakay Estefanas! Apre sa mwen pa sonje mwen batize pèsonn ankò. 17Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa#1:17 lakwa Paul sèvi mo kwa (lakwa) tankou yon imaj Bòn Nouvèl la: istwa lanmò Kris la pou peye dèt peche lèzòm. Lakwa (sa vle di lanmò Kris la) se fason Bondye chwazi pou sove moun. Kris la p ap pèdi puisans li!
Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris
18Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19Paske, men sa ki ekri nan Bib la,
“M ap detwi sajès moun saj yo
epi m ap jete konfizyon
nan entèlijans moun entèlijan yo.”#Eza 29:14.
20Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli? 21Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.
22Jwif yo mande mirak kòm prèv, epi moun ki pa Jwif ap chache sajès, 23men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli. 24Men, pou moun Bondye rele yo, swa moun ki Jwif swa moun ki pa Jwif, Kris la se puisans ak sajès Bondye. 25Menm foli Bondye pi saj pase tout sajès lèzòm. Feblès Bondye pi puisan pase tout fòs lèzòm.
26Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. 27Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. 28Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè. 29Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye. 30Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo. 31Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”#Jer 9:24.

Chwazi Kounye ya:

1 Kor 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an