Wòm 16

16
Dènye Pawòl
1M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. 2Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.
3Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikris. 4Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.
5Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.
M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.
6Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.
7Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li#16:7 moun ki pi enpòtan … travay li Literalman, “enpòtan pami apot yo”.
8Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. 9Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m 10ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris.
Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen, 11salye Ewodyon, fanmi mwen.
Salitasyon pou tout moun nan fanmi Nacis, se moun Senyè a yo ye. 12Salye Trifèn ak Trifoz, medam sa yo travay di pou Senyè a. Salye bon zanmi m Pèsid, li te travay di pou Senyè a tou.
13Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.
14Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, pou mwen ak tout lòt frè ak sè yo ki avèk yo tou.
15Salye Filològ ak Jilya, Nere ak sè l la, Olenpas, ak tout pèp Bondye a ki avèk yo.
16Salye youn lòt ak yon bèl akolad#16:16 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.
Tout Legliz Kris yo voye salye nou.
17M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. 18Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. 19Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal.
20Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou.
Gras Senyè nou an Jezi avè n!
21Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.
22Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a.
23Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. 24#16:24 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 24: “Gras Senyè nou an Jezikris avèk nou tout. Amèn.” Kopi sa yo fini lèt la avèk vèsè 24 la, swa yo pa t gen vèsè 25-27 yo oubyen yo mete yo nan fen chapit 14 la.
25An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. 26Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. 27Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 16: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an