Tobi 2

2
Tobi vin avèg nan je
1Sou reny Asaradon, mwen tounen lakay mwen. Ana, madanm mwen ak Tobiyas, pitit gason m lan, vin jwenn mwen. Pou fèt dènye rekòt la, fèt yo rele Fèt Senmenn yo tou, yo te kwit yon bon manje pou mwen. M'al chita bò tab la. 2Lè yo sèvi tab la, yo mete yon pakèt plat bon manje devan m. Lè sa a mwen di Tobiyas, pitit gason m lan, konsa:
— Pitit mwen, ou pral chache nan moun pèp Izrayèl yo depòte isit lavil Niniv la yonn ki pa janm lage pye Granmèt la epi ki pòv. Mennen l vin manje ak nou. M'ap tann ou tounen, pitit mwen, anvan m manje. 3Tobiyas sòti al chache yonn nan pòv moun pèp Izrayèl yo. Men, li tounen vin di m:
— Papa, papa!
Mwen reponn li:
— Sa ki genyen, pitit mwen?
Li di m konsa:
— Papa, yo fenk ansasinen yonn nan moun pèp Izrayèl yo. Yo trangle l, lèfini yo jete kadav li sou plas mache a. Se la li ye jouk kounye a.
4Mwen kouri leve bò tab la, mwen kite manje a san m pa gen tan goute l. M'al sou plas mache a, mwen wete kadav la atè a, mwen pote l mete nan yon ti pyès nan lakou m. Mwen kite l la, m t'ap tann solèy kouche pou m'al antere l. 5Lè m tounen lakay mwen, mwen lave kò m pou m mete m nan kondisyon pou sèvis Bondye. Avèk gwo lapenn nan kè mwen, mwen chita, mwen manje. 6Men, pawòl pwofèt Amòs te di sou lavil Betèl la vin nan tèt mwen:
M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn.
M'ap fè nou sispann chante. N'a nan rele.
Dlo vin nan je m. 7Lè solèy fin kouche, mwen pati, mwen fouye yon twou, mantere moun lan. 8Vwazen m yo t'ap pase m nan betiz, yo t'ap di:
— Gade l non! Yon premye fwa yo te mete moun ap chache l pou yo touye l paske li te antere yon moun mouri. Li te blije al kache. Men, kounyeya li pa pè ankò. Men l'ap mache antere mò ankò!
9Menm jou sa a, nan aswè, mwen benyen pou m mete m nan kondisyon pou sèvis Bondye. Lèfini, mwen sòti nan lakou a, m'al kouche nan pye miray la. Te fè cho jou swa sa a, konsa mwen pa te kouvri tèt mwen. 10Te gen kèk ti zwazo ki t'ap dòmi sou tèt miray la. M pa te konn sa. Poupou yo tonbe tou cho sou je m. M'al kay divès dòktè. Men, plis yo t'ap mete renmèd sou je m yo, se plis mwen pa te ka wè nan yo, jouk mwen rive pa wè menm ladan yo.
M pase katran san m pa ka wè nan je m. Tout fanmi m yo te pran lapenn pou mwen. Se Ayika ki te ban m tou sa m te bezwen pandan dezan anvan li te pati pou peyi Elimayid.
Tobi fè kont ak madanm li
11Apre Ayika pati, Ana, madanm mwen, te blije jwenn travay pou li fè. Li t'ap fè twal ak lenn mouton tankou anpil lòt fanm. 12Lè l'al fè livrezon kòmann twal yo te ba l fè, yo peye l lajan li.
Yon jou, se te sètyèm jou nan mwa Distwo #2.12Distwo: Se non moun peyi Lagrès yo te bay yon mwa nan kalandriye pa yo ki koresponn ak mi janvye rive mi fevriye nan kalandriye pa nou. , li te fin fè yon pyès twal, li pote l bay moun ki te fè kòmann lan. Moun yo peye l tout lajan l, lèfini yo fè l kado yon kabrit pou nou manje. 13Lè Ana rive lakay ak kabrit la, kabrit la pran rele. Mwen rele madanm lan, mwen di l konsa:
— Kote kabrit sa a sòti? M pa kwè se vòlò ou ta vòlò l? Pote l renmèt bay mèt li. Sa pa bon pou nou manje manje vòlò.
14Men, Ana reponn mwen:
— Non, monchè. Se yon kado yo fè m mete sou lajan twal la.
Mwen pa te vle kwè l. Mwen te wont anpil pou li. Mwen ba li lòd tounen al renmèt kabrit la bay mèt li. Lè sa a, li di m konsa:
— Kote tout lajan ou te konn bay yo? Kote tout bagay dwat ou te konn fè yo? Kounyeya tout moun wè ki kalite moun ou ye.

Chwazi Kounye ya:

Tobi 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte