Tobi 3

3
Lapriyè Tobi a
1Mwen te chagren anpil, mwen t'ap plenn, dlo t'ap kouri nan je m. Nan lapenn mwen, mwen lapriyè Bondye, mwen di konsa:
2— Granmèt, ou pa nan patipri.
Ou toujou fè sa ki dwat.
Nan tou sa w'ap fè, ou moutre
jan ou gen bon kè, jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Se ou menm k'ap jije tout moun sou latè.
3Kounyeya, Granmèt, pa bliye m. Voye je ou gade m.
Pa pini m pou peche mwen fè yo,
ni pou fòt mwen te fè san m pa konnen,
ni pou peche zansèt mwen yo te fè devan ou.
4Nou pa te mache dapre lòd ou yo.
Se poutèt sa ou lage nou pou yo piye nou,
pou yo depòte nou, pou yo touye nou.
Lèfini, nan tout peyi kote ou te gaye nou yo
y'ap mete nou nan chante, y'ap bay istwa sou nou,
y'ap pase nou nan betiz.
5Kounyeya, ou jije mwen jan ou dwe fè l,
lè ou pini m pou peche m fè yo
ak pou peche zansèt mwen yo te fè,
paske nou pa te fè sa ou mande nou fè,
nou pa te mache devan ou jan nou te dwe.
6Kounyeya, fè sa ou vle avè m.
Tanpri, pran lavi m
pou m disparèt sou tè a,
pou m tounen pousyè tè ankò.
M pito mouri pase pou m viv jan m'ap viv la.
Moun ap joure m san rezon, mwen nan gwo lapenn.
Granmèt, m'ap tann ou pran desizyon vin wete m nan tray sa a.
Kite m'ale kote m'ap jwenn repo pou tout tan an.
Granmèt, pa vire do ban mwen.
M pito mouri pase pou m pase lavi m nan mizè sa a,
pase pou m'ap tande tout jouman sa yo nan zòrèy mwen!
Istwa Sara a
7Nan lavil Ekbatana nan peyi Medi, te gen yon fi ki te rele Sara. Se te pitit fi Ragwèl. Menm jou sa a, yonn nan sèvant Ragwèl yo t'ap joure Sara. 8Sa k pase? Sara te marye sèt fwa. Men, Asmode, yon denmon ki mechan anpil, te rive touye tout mari l yo anvan yo kouche avè l. Se konsa sèvant lan te rive di Sara konsa:
— Se ou menm ki touye mari ou yo. Gade ou non! Ou gentan pase sèt mari. Pa gen yonn ladan yo ki rive ba ou non li. #3.8 ba ou non li: osinon, dapre sa ki nan yon lòt vèsyon: ba ou yon pitit. 9Poukisa pou se sou nou pou w'ap pase sa? Poukisa ou pa tou mouri al jwenn mari ou yo ki mouri, pou nou pa janm wè ou fè pitit?
10Jou sa a, Sara te nan gwo lapenn, li pete kriye, li moute nan chanm papa l avèk lide pou l te pann tèt li. Men, lè li kalkile, li di konsa:
— Non. Si m fè sa, se papa m yo pral joure. Yo pral di li: Gade! Ou te gen yon sèl grenn pitit fi ou te renmen anpil. Men li pann tèt li sitèlman li t'ap soufri. Papa m fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou li, l'a touye l, lèfini se mwen menm ankò ki va pote chay la. Non. M p'ap touye tèt mwen. Tansèlman, m pral mande Granmèt la pou l pran m. Lè sa a, mwen p'ap bezwen pase lavi m ap tande tout jouman sa yo ankò nan zòrèy mwen.
Lapriyè Sara a
11Se konsa Sara leve, li kanpe devan fennèt kay li a, li leve de men l anlè pou l lapriyè, li di konsa:
— Bondye ki gen bon kè, ou merite vre pou yo fè lwanj pou ou.
Se pou yo toujou respekte non ou.
Se pou tou sa ou fè yo toujou chante lwanj pou ou.
12Granmèt, se nan pye ou mwen vin chache sekou.
Se sou ou m'ap gade.
13Louvri bouch ou pale,
delivre m non anba lavi sa a,
pou m pa janm tande tout jouman sa yo nan zòrèy mwen.
14Ou konnen, Granmèt, mwen tifi toujou.
Okenn gason pa janm manyen m.
15M pa janm sal non mwen ni non papa m
nan peyi kote yo depòte m lan.
Se sèl grenn pitit papa m mwen ye.
Li pa gen lòt moun pou eritye l.
Lèfini, li pa gen okenn lòt ti fanmi m ta ka marye. #3.15 ti fanmi m ta ka marye: Nan tan sa a, pou moun pèp Izrayèl yo, se te prensip pou moun marye ak moun ki sòti nan menm branch fanmi avè ou.
M pèdi sèt mari deja.
Pa gen rezon pou m'ap viv toujou.
Men, si se pa volonte ou pou ou pran lavi m,
tanpri, gen pitye pou mwen. #3.15 gen pitye pou mwen: Gen lòt maniskri ki bay: panche zòrèy ou, tande jan m'ap plenyen nan pye ou.
Pa kite m tande jouman sa yo ankò nan zòrèy mwen.
Bondye tande lapriyè Tobi a ansanm ak lapriyè Sara a
16Antan Tobi ak Sara t'ap lapriyè konsa, yo chak bò pa yo, Bondye nan syèl la tande lapriyè yo. 17Li voye zanj Rafayèl #3.17 Rafayèl: yon non ebre ki vle di: Bondye ki bay gerizon. pou ede yo toude. Li voye l pou wete kal blan ki te kouvri je Tobi yo pou Tobi te ka wè limyè Bondye ak je l ankò, lèfini pou l te ranje maryaj Sara ak Tobiyas, pitit Tobi a, paske Tobiyas se kouzen Sara li ye, se li menm an premye ki gen dwa marye avè l. Rafayèl te gen pou chase move denmon yo te rele Asmode a sòti sou Sara.
Se konsa, antan Tobi t'ap sòti nan lakou a antre lakay li, Sara menm, pitit fi Ragwèl la, bò pa l t'ap desann sòti nan chanm anwo lakay pa l la.

Chwazi Kounye ya:

Tobi 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte