Tobi 1

1
Premye koze
1Men istwa Tobi, pitit Tobiyèl. Tobiyèl sa a te pitit Ananyèl, Ananyèl te pitit Adouyèl, Adouyèl te pitit Gabayèl, Gabayèl te pitit Rafayèl, Rafayèl te pitit Ragwèl, moun laras Azyèl nan branch fanmi Neftali. 2Sou reny Salmanaza, wa peyi Lasiri, yo te fè Tobi prizonye lavil Tisbe, ki sou bò sid lavil Kadès-Neftali, nan zòn Galile anwo sou bò nò-wès lavil Azò, sou bò nò lavil Sefat. #1.2Sefat: Dapre sa nou jwenn nan yon ansyen maniskri. Men tèks grèk la bay: Fogò osinon: Peyò
Premye lanne nan lavi Tobi
3Mwen menm Tobi, mwen te toujou viv san ipokrizi, mwen te fè sa ki dwat. Mwen bay anpil lajan pou ede fanmi m ak lòt jwif parèy mwen moun Lasiri yo te depòte ansanm avè m lavil Niniv nan peyi Lasiri. 4Lè m te jenn gason nan peyi m toujou, ki vle di nan peyi Izrayèl, tout moun nan branch fanmi Neftali, zansèt mwen an, te separe ak moun fanmi David yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Tansèlman, se lavil Jerizalèm sa a Bondye te chwazi nan mitan tout lavil branch fanmi Izrayèl yo pou sèvi kote pou yo ofri bèt pou yo touye pou li. Se la yo te bati Tanp kote Bondye rete a, tanp yo te mete apa pou sèvis Bondye a pou tout tan tout tan. 5Men, tout fanmi m yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Neftali yo te konn al ofri bèt pou touye pou estati ti towo Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, te fè mete lavil Dann nan mòn Galile yo.
6Anpil fwa menm, se mwen menm sèl nan fanmi mwen ki te konn ale lavil Jerizalèm pou jou fèt yo, jan lalwa a mande pou tout moun nan pèp Izrayèl la fè l pou tout tan. Mwen te toujou prese ale lavil Jerizalèm avèk premye rekòt jaden mwen, premye pòte bèt mwen yo, ladim tout gadinaj mwen, ak premye lenn mwen taye sou mouton m yo. 7Mwen renmèt tou sa bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou sèvis lotèl la. Pou moun Levi ki desèvis lè sa a lavil Jerizalèm, mwen pote yon dizyèm nan rekòt diven, rekòt ble, rekòt grenn oliv, rekòt grenad, rekòt figfrans ak rekòt lòt fwi. Pandan sizan mwen pran yon lòt dizyèm nan tousa mwen genyen, mwen vann li, mwen mete lajan an sou kote pou m'al depanse l lavil Jerizalèm.
8Men chak twazan, mwen pran yon twazyèm ladim nan tou sa m genyen, mwen separe bay vèv yo, bay timoun san papa yo ak moun lòt nasyon kap viv nan mitan pèp Izrayèl la. Lè konsa, nou manje ansanm, dapre sa lalwa Moyiz la mande, jan Debora, grann mwen bò papa, te elve m lan. Se pou m di nou papa m mouri bonè, li kite m san papa.
9Lè mwen majè, mwen marye ak yon fi nan menm fanmi ak mwen ki rele Ana. Li ban m yon pitit gason mwen rele Tobiyas.
Ata nan peyi Lasiri, Tobi pa janm lage pye Bondye
10Lè yo t'ap depòte moun Izrayèl yo nan peyi Lasiri, m pase ladan l tou. Se konsa m'al rete lavil Niniv.
Tout fanmi m yo ansanm ak lòt moun pèp Izrayèl yo te lage kò yo nan manje manje menm kalite ak moun peyi sa a. 11Men, mwen menm pou tèt pa m, mwen pa janm fè sa, 12paske mwen te kenbe pye Bondye mwen fèm. 13Bondye ki gen tout pouvwa a fè wa Salmanaza kontan avè m. Wa a mete m reskonsab achte tou sa li te bezwen. 14Mwen te konn vwayaje nan peyi Medi kote mal fè pwovizyon pou li, jouk jou li mouri. Yon lè mwen te lavil Ragès nan peyi Medi, mwen kite detwa sak plen pyès ajan an depo nan men Gabayèl, frè Gabri. Te gen twasantrant (330) kilo ajan konsa antou nan sak yo. 15Lè Salmanaza mouri, se pitit li, Senakerib, ki moute wa nan plas li. Lè sa a, te vin gen twòp danje pou moun vwayaje sou wout peyi Medi yo. Se konsa m pat janm ka tounen lavil Ragès ankò. 16Sou reny Salmanaza, mwen te toujou lonje men bay moun pèp Izrayèl, frè parèy mwen yo, lè yo te nan nesesite. 17Mwen te konn separe manje m ak moun ki te nan grangou. Mwen te konn pran rad mwen bay sa ki te toutouni yo. Lè yonn nan moun pèp Izrayèl yo, peyizan m yo, mouri, yo te konn voye kadav li jete lòt bò miray ranpa lavil Niniv yo. Si mwen wè sa, m'al antere l. 18Yon lè Senakerib te pèmèt li di gwo mo jouman sou Bondye, Wa ki nan syèl la. Bondye pini li. Kifè li te blije kouri kite peyi Jida tounen nan peyi Medi. Li te sitèlman move, li touye anpil nan moun pèp Izrayèl yo. Mwen menm an kachèt, m'al pran kadav yo, mwen antere yo. Lè Senakerib voye chache kadav yo pita, li pa jwenn yo. 19Yon moun lavil Niniv al di wa a se mwen menm ki t'ap antere kadav yo an kachèt. Lè mwen vin konnen yo te al denonse m bay wa a kifè wa a te mete chache m pou li touye m, yon sèl lapèrèz pran m, mwen kraze rak. 20Yo sezi dènye sa m te genyen, yo mete yo nan kès trezò wa a. Se Ana, madanm mwen, ak Tobiyas, pitit mwen, ase ki te rete m.
21Pa te ankò gen karant jou depi sa te pase, lè de nan pitit gason wa a ansasinen wa a, lèfini yo kouri al kache nan mòn Arara yo. Se Asaradon, yon lòt pitit gason wa a, ki moute wa nan plas li. Li pran Ayika, pitit gason Anayèl, frè m lan, li mete l reskonsab tout lajan leta a. Se li ki pou te regle tout bagay nan gouvènman an. 22Lè sa a, Ayika pale ak wa a pou mwen. Se konsa mwen tounen lavil Niniv. Depi sou reny Senakerib, wa peyi Lasiri a, Ayika te gran chèf kanbiz, trezorye reskonsab tout lajan gouvènman an. Asaradon te kenbe mesye nan menm pozisyon an. Ayika te fanmi m, se te neve m.

Chwazi Kounye ya:

Tobi 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte