Rit 1

1
Elimelèk ak fanmi li al rete Mowab
1Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou #Jij 2.16; 1 Sam 22.3,4; 2 Wa 8.1 peyi Izrayèl. Se epòk te gen jij ki te alatèt peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm nan pòsyon tè branch fanmi Jida, leve. Li pran madanm li ak de pitit madanm li yo, l'ale pase yon tan nan peyi Mowab. 2Nonm #Jen 35.19; 1 Kwo 4.4; Mi 5.2 lan te rele Elimelèk. Madanm li te rele Nawomi. De pitit gason li yo, se te Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo, 3t'ap viv nan peyi Mowab, Elimelèk mouri kite Nawomi ak de pitit gason. 4De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Mowab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a, 5lè Maklon ak Kiljon vin mouri tou. Se konsa Nawomi vin twouve li poukont li paske li te pèdi ni mari li ni pitit gason li yo.
Nawomi tounen Betleyèm ak Rit
6Antan #Egz 3.16; 4.31; Sòm 132.15; Lik 1.68 Nawomi te peyi Mowab toujou, li vin pran nouvèl jan Senyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l pou l kite peyi Mowab ansanm ak de bèlfi li yo. 7Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y'al nan peyi Jida. 8Men, #Joz 2.12,14; Rit 2.20 antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa:
— Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo. 9Mwen #Rit 3.1 mande li pou li fè nou chak jwenn yon moun marye ak nou pou nou ka viv ak kèpoze lakay nou.
Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo l ale. Men, de medam yo pete rele. 10Yo di l konsa:
— Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.
11Men, #Det 25.5 Nawomi reponn yo:
— Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou? 12Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m ta fè pitit gason ankò, 13eske #Det 2.15; Jij 2.15; 1 Sam 5.9; 12.15 n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m mal anpil pou nou. Men Senyè a fè m twòp lapenn dejà.
14Medanm yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l orevwa, epi l'al jwenn fanmi li. #1.14: epi l'al jwenn fanmi li: Se yon ansyen tradiksyon grèk ki bay mo sa yo. Tèks ebre a pa genyen yo. Men, Rit menm te refize kite l. 15Nawomi #Nonb 21.29; 1 Wa 11.7; 2 Wa 23.13; Jer 48.13,46 di l konsa:
— Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non!
16Men, #Rit 2.11,12; 2 Sam 15.21; 2 Wa 2.2,4 Rit reponn:
— Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. 17Kote #1 Sam 3.17; 2 Sam 19.13; 1 Wa 2.23; 2 Wa 6.31 w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
18Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò.
19Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di:
— Ou kwè se Nawomi sa?
20 # 1.20: Nan lang ebre a Nawomi vle di Kè kontan, Mara vle di Gwo lapenn. Nawomi #Egz 15.23; Jòb 27.2 reponn yo:
— Tanpri, pa rele m Nawomi. Pito nou rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil. 21Lè m te #Jòb 1.21 pati isit la, mwen te gen tou sa m te bezwen. Men jòdi a, Senyè a mennen m tounen de men m de pye m. Poukisa pou n'ap rele m Nawomi toujou lè Senyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?
22Se #Rit 2.23 konsa Nawomi tounen soti nan peyi Mowab ansanm ak bèlfi li Rit, moun peyi Mowab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt lòj #1.22: grenn lòj: Se yon kalite grenn menm fanmi ak diri ak pitimi. Yo sèvi avè l pou fè farin, siwo lòja ak byè pou moun bwè. te fèk tanmen.

Chwazi Kounye ya:

Rit 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an