Jij 21

21
Madanm pou gason Benjamen yo
1Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman #Jij 20.1 devan Senyè a lavil Mispa. Yo te di:
— Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
2Pèp #Jij 20.26 la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Senyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo. 3Yo t'ap di:
— Senyè o, Bondye pèp Izrayèl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki manke jòdi a?
4Nan #2 Sam 24.25 denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon. 5Lèfini, #Jij 5.23 yo t'ap mande:
— Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pat nan reyinyon nou te fè devan Senyè a?
Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pat mete pye yo lavil Mispa devan Senyè a. 6Men, #Jij 21.15 pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frè yo. Yo t'ap di:
— Wi jòdi a, pèp Izrayèl la pèdi yon branch fanmi vre! 7Kisa #Jij 21.16 nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Sènyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.
8#1 Sam 11.1; 31.11-13 sa a, yo mande:
— Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pat moute lavil Mispa devan Senyè a?
Yo jwenn pèsonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pat vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an. 9Lè yo t'ap konte moun ki te la yo, pat gen yon moun nan lavil Jabès nan peyi Galarad la. 10Se #Nonb 31.5 konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil (12.000) sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a:
— Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun. 11Men #Nonb 31.17 sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Senyè a.
12Nan #Joz 18.1; Jij 18.31 moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan (400) jenn fi ki pat janm kò konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.
13Lèfini, #Det 20.10; Jij 20.47 tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè. 14Moun Benjamen yo tounen, epi lòt moun Izrayèl yo ba yo jenn fi lavil Jabès yo pat touye yo pou madanm. Men, pat gen ase pou yo tout.
15Sa #Jij 21.6 te fè pèp Izrayèl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Senyè a te kraze tèt ansanm ki te gen nan pèp Izrayèl la. 16Se #Jij 21.7 konsa chèf ki te la yo di konsa:
— Pa gen fanm ankò nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fè la a pou nou bay rès mesye yo fanm pou yo marye?
17Yo di ankò:
— Pèp Izrayèl la pa ka pèdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou. 18Men, #Jij 21.1 nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
19Apre #1 Sam 1.3 sa yo di:
— Nan kèk jou, se pral lè pou nou fè gwo fèt nou gen pou nou fè chak lanne pou Senyè a lavil Silo.
Lavil Silo sa a te sou bò nò lavil Betèl, sou bò sid lavil Lebona, sou bò solèy kouche wout ki sòti Betèl moute Sichèm.
20Yo di moun Benjamen yo:
— Al kache nan jaden rèzen yo. 21#Egz 15.20; Jij 11.34; 1 Sam 18.6 n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y'al danse ansanm pandan fèt la, nou menm, n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pafòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen ak yo. 22Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pat jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pèsonn p'ap ka di nou pat kenbe sèman nou.
23Mesye #Jij 20.48 Benjamen yo fè sa yo te di yo fè a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansèt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la.
24Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo.
25Nan #Jij 17.6; 18.1; 19.1 tan sa a pat gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun te fè sa yo pito.

Chwazi Kounye ya:

Jij 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an