Jij 20

20
Rès pèp la ap pare pou goumen ak moun Benjamen yo
1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil #Joz 22.12; Jij 21.5; 1 Sam 3.20; 7.5; 10.17; 11.7; 2 Sam 3.10; 24.2 Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Senyè a, lavil Mispa. 2Tout #1 Sam 14.38 chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Senyè a. Te gen katsanmil (400.000) sòlda apye antou. 3Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande:
— Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive.
4Nonm #Jij 19.15 Levi a, mouche fanm yo te sasinen an, reponn:
— Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Bejamen an ansanm ak fanm mwen pou mwen pase nwit. 5Mesye #Jij 19.22,25,26 Gibeya te soti pou pran m', yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo pase tout nwit lan ap fè kadejak sou fanm mwen an jouk li mouri. 6Mwen #Det 22.21; Joz 7.15; Jij 19.23,29; Jer 29.23 pran kadav la, mwen rache li fè moso epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl paske moun benjamen yo te fè yon vye bagay sal, yon bagay derespektan nan mitan pèp la. 7Nou #Jij 19.30 tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè?
8Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di:
— Pèsonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò. 9Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo. 10Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la.
11Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y'al pini moun lavil Gibeya yo.
12Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo:
— Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou? 13Kounyeya ban #Det 13.5,13; 17.12; Jij 19.22; 1 Sam 2.12; 25.17 nou moun sa yo, bann voryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la.
Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a. 14Yo sòti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y'al goumen ak rès pèp Izrayèl la. 15Jou #Nonb 1.37; 26.41 sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (26.000) sòlda antou ki te sòti nan tout lavil yo, san konte sètsan (700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi. 16Pami #Jij 3.15; 1 Kwo 12.2 tout sòlda sa yo te gen sètsan (700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l yon fwa. 17Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (400.000) gason ki te konn goumen.
Lagè kont moun Benjamen yo
18Moun #Jij 1.1,2; 20.26 pèp Izrayèl yo leve, y'ale lavil Betèl, y'al mande Senyè a sa pou yo fè. Yo mande l:
— Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan?
Senyè a di yo:
— Se branch fanmi Jida a.
19Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y'al pran pozisyon bò lavil Gibeya. 20Lèfini, yo pati pou y'al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya. 21Moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la. 22Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y'al goumen. 23Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y'al kriye nan pye Senyè a jouk aswè, epi yo mande Senyè a sa pou yo fè. Yo di l:
— Eske se pou n'al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo?
Senyè a reponn yo:
— Wi. Nou mèt ale.
24Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa. 25Men, moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.
26#Jij 20.18; 21.2 sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon. 27Lèfini, #Joz 18.1; 1 Sam 4.3,4 yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. 28Se #Nonb 25.7; 31.6; Det 10.8; Joz 24.33; Sòm 106.30 Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Senyè a:
— Eske se pou n'al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a?
Senyè a reponn yo:
— Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.
29Moun #Joz 8.4 Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a. 30Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l anvan an. 31Moun #Joz 8.16; Jij 20.39 Benjamen yo sòti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn.
32Moun #Joz 8.5,6 Benjamen yo t'ap di:
— Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo.
Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di:
— Ann kouri devan yo sou wout andèyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo.
33Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri sòti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a. #20.33: Gibeya a: Tèks ebre a bay Geba a. 34Dimil #Jij 20.41 (10.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pat ankò konprann batay la ta pral vire mal pou yo. 35Senyè a #Jij 20.15,44,47 fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (25.100) sòlda nan moun Benjamen yo. 36Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre.
Izrayèl genyen batay la
Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a. 37Mesye #Joz 8.19 sa yo kouri sòti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l. 38Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nyaj lafimen an ap moute sòti nan lavil la, 39moun #Jij 20.31,32 Izrayèl yo vire fè faskare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gentan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa:
— Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.
40Lamenm #Joz 8.20 siyal la parèt. Nyaj lafimen an konmanse moute sòti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la. 41Moun #Jij 20.34 Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, lapèrèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la ta pral pase mal pou yo. 42Yo #Joz 8.24 pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pat ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap sòti lavil la lòt bò. Yo tout mouri. 43Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve. 44Yo touye dizwitmil (18.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo. 45Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (5.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (2.000) ladan yo. 46Jou #Jij 20.35 sa a, yo te touye vennsenkmil (25.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen.
47Men, #Jij 21.12-14 gen sisan (600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa. 48Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.

Chwazi Kounye ya:

Jij 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte