Jij 19

19
Istwa yon moun Levi ak mètres li
1Nan tan sa a, pa te gen wa nan peyi #Jij 17.6,7; 18.1; 21.25 Izrayèl la. Yon jou, yon moun lavil Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l'al plase ak yon fanm lavil Betleyèm nan peyi Jida. 2Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l, li tounen lakay papa l, lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la. 3Lè sa a, nonm lan leve, l'al dèyè li pou wè si li te vle tounen ak li ankò. Li te pati ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa li lakay papa li. Lè papa madanm lan wè li, li te byen kontan resevwa li tou. 4Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l rete pase twa jou avè l. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la. 5Sou #Jen 18.5 katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa:
— Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati.
6Mesyedam #Rit 3.7 yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa:
— Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!
7Nonm lan te leve pou l pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l, li tounen pase nwit la la ankò. 8Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l ale. Bòpè a di l konsa:
— Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita.
Se konsa de mesye yo chita, yo manje. 9Apre sa, nonm lan leve pou li ale ansanm ak fanm li epi ak sèvitè li a, men bòpè li di li:
— Gade, solèy pral kouche. Tou rete pase nwit lan non. Talè, fènwa pral tonbe. Rete non monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'a va ale lakay ou.
10Men, #Joz 15.8,63 fwa sa a, nonm lan pa te vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve li sele de bourik epi li pati ak fanm li. Yo rive toupre lavil Jibis ki se lavil Jerizalèm tou. 11Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l konsa:
— Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.
12Men, #Joz 18.28 mèt la di l konsa:
— Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya. 13Ann #Joz 18.25; 1 Sam 7.17 al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama.
14Se konsa yo pa rete, y'al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo. 15Yo #Jen 19.2 chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l'al chita sou plas la, men pèsonn pat envite yo vin pase nwit lan lakay yo.
16Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye. 17Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa:
— Kote ou prale? Kote ou sòti?
18Moun #Jij 18.31 Levi a reponn li:
— Nou sòti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men kounyeya m'ap tounen lakay mwen. #19.18: lakay mwen: Tèks ebre a bay nan kay Senyè a. Pèsonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo. 19Nou gen manje ak zèb pou bourik nou. Nou gen pen ak bwason pou mwen menm, madanm mwen ak sèvitè nou ki ak nou. Nou pa manke anyen.
20#Jen 18.4; 19.2; 24.32; 43.24 sa a granmoun lan di:
— Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Selman pa rete pase nwit lan la sou plas la.
21Se konsa, li mennen yo lakay li, li bay bèt yo manje. Mesyedam yo fè twalèt yo, epi yo manje yo bwè.
22Yo #Jen 19.4,5; Det 13.13; Jij 20.5,13; 2 Sam 20.1; 1 Wa 21.10 t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann voryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di li konsa:
— Fè nonm ki lakay ou a soti pou nou ka kouche ak li.
23Mèt #Jen 19.6-8; 34.2,7; Det 21.14; 22.21; Joz 7.15; 2 Sam 13.12 kay la sòti al jwenn yo, li di yo konsa:
— Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a. 24Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi. Epi li menm, nonm lan, li gen fanm li ak li. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche yo jan nou vle. Men, pa vin fè bagay sal ak nèg la.
25Men mesye yo pa te vle koute li. Lè sa a, nonm Levi a pran fanm li, li fè li soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo pase sou fanm lan pandan tout nwit lan. Solèy ta pral leve lè yo pati kite malerèz la repo.
26Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve. 27Nan maten, nonm lan leve, li louvri pòt pou li soti. Li fè sa pou li ale fè wout li. Li wè madanm lan blayi atè devan kay la ak de men li lonje devan papòt la. 28Li #Jij 20.5 di:
— Leve non! Ann ale!
Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l detravè sou bourik li, epi li pati, l'al lakay li. 29Lè li #1 Sam 11.7 rive lakay li, li pran yon kouto, li rache kadav fanm lan fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la. 30Chak #Jij 20.7; Oze 9.9; 10.9 moun ki te wè sa di konsa:
— Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?

Chwazi Kounye ya:

Jij 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte