Rit 2

2
Rit nan jaden Bòz la
1Nawomi te gen yon fanmi mari li yo rele #Rit 3.2; 4.21; Mat 1.5 Bòz. Se te yon nonm rich. Yo te konsidere li anpil. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Nawomi. 2Rit, #Lev 19.9; 23.22; Det 24.19 fanm peyi Mowab la, di Nawomi konsa:
— Kite m ale nan jaden yo pou m ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m ranmase nan jaden li.
Nawomi reponn li:
— Ale non, mafi.
3Se konsa, Rit leve, l'ale yo, li pran mache dèyè travayè yo. Li t'ap ranmase tèt lòj ki tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk.
4Li #Sòm 129.7,8 te la depi kèk tan lè Bòz rive sòti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo:
— Senyè a avèk nou!
Yo reponn li:
— Benediksyon Senyè a avè ou tou!
5Bòz mande kontwolè a:
— Ki jenn ti madanm sa a?
6Nonm #Rit 1.22 lan reponn:
— Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Nawomi lè li te tounen sòti nan peyi Mowab. 7Li te mande m pou m kite l mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l la a depi maten. Li fenk sispann pou l pran yon ti repo anba tonnèl lan la a.
8Lè sa a, Bòz di Rit konsa:
— M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la. 9Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa ou swaf, ou mèt al pran dlo pi mesye yo plen krich yo.
10Rit #Rit 2.19; 1 Sam 25.41 bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l konsa:
— Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?
11Bòz #Rit 1.16 reponn li:
— Yo di mwen tou sa ou fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun, epi ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa te janm konnen anvan sa. 12Mwen #1 Sam 24.19; Sòm 36.7; 91.4 ande Senyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi, ou vini mete ou anba zèl li pou li pwoteje ou. Se pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
13Rit #Jen 33.15; Rit 2.2; 1 Sam 1.18 reponn li:
— Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, mesye! Jan ou pale byen avè m la a, sa ban m kouray, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.
14Lè moman manje rive, Bòz di Rit konsa:
— Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe li nan vinèg la pou manje. Se konsa Rit vin chita ansanm ak travayè yo. Bòz te ba li lòj griye tou. Rit manje plen vant li. Rès manje ki rete a, li sere li. 15Lè Rit leve al ranmase, Bòz pase travayè yo lòd sa a:
— Nou mèt kite li ranmase toupatou, menm kote grap nou fin mare yo ye a. Pa chache li kont. 16Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l ka ranmase. Pa di l anyen, tande!
17Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l pou l te gen vennsenk ti mamit la pat anyen. 18Li pran lòj degrennen yo, li tounen al moutre bèlmè li tou sa li ranmase. Li ba li rès manje li te rete a tou. 19Nawomi #Rit 2.10 mande li:
— Kote ou ranmase tout lòj sa a jodi a? Nan jaden ki moun ou t'ap grapiye? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a!
Lè sa a, Rit di bèlmè li se nan jaden mesye yo rele Bòz la li t'ap grapiye. 20Nawomi #Lev 25.49; Rit 1.8; 3.9,10; 4.14; 2 Sam 2.5 di bèlfi li:
— Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri!
Nawomi di ankò:
— Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.
21Lè sa a, Rit di konsa:
— Men sa l di m ankò: Se pou m rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.
22Nawomi reponn li:
— Wi pitit mwen, pito ou rete grapiye dèyè medam nan jaden Bòz la tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.
23Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.

Chwazi Kounye ya:

Rit 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an