Women 16

16
Pòl voye bonjou pou tout moun
1Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a. 2Resevwa li nan non Senyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l yonn pou lòt. Ede l nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m anpil tou.
3Di #Tra 18.2,18,26 Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m nan sèvis Jezikri a. 4Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou. 5Di #1 Kor 16.19 legliz ki rasanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayinèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi. 6Di Mari ki te bay kò l anpil traka pou nou an bonjou. 7Di #2 Kor 8.23 Andwonikis ak Jinyas, fanmi m yo ki te al nan prizon ansanm avè m yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.
8Di Anplyatis, bon zanmi m nan menm Senyè a, bonjou. 9Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an. 10Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou. 11Di Ewòdyon, fanmi m lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Senyè a bonjou. 12Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Senyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m ki te pran anpil fatig pou Senyè a, bonjou. 13Di #Mak 15.21 Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l ki yon manman pou mwen tou. 14Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou. 15Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avèk Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou. 16Yonn #1 Kor 16.20; 1 Pyè 5.14 bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.
Pòl ba yo yon dènye konsèy
17M'ap #Mat 7.15; Tit 3.10 ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. 18Moun #Fil 3.19; Eze 13.18; Kol 2.4; 2 Pyè 2.3 konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo. 19Pou #Wòm 1.8; Mat 10.16; 1 Kor 14.20 nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Senyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal. 20Anvan #Wòm 15.33; Jen 3.15 lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Senyè nou an, toujou la avèk nou.
21Timote, #Tra 16.1; 19.22; 20.4; Fil 2.19 kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m yo, yo tout voye bonjou pou nou.
22Mwen menm Tèsiyis k'ap pran dikte lèt sa a, mwen voye bonjou pou nou nan lamou Kris la.
23Gayis #1 Kor 1.14 voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou.
[ 24Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou tout.]
Lwanj pou Bondye
25Ann #Ef 1.9; 3.5,9; Kol 1.26 fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre Bòn Nouvèl m'ap anonse a, dapre mesay m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. 26Men, #2 Tim 1.10; Wòm 1.5 koulyeya, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive nan konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.
27Wi, #1 Tim 1.17; Jid 1.25 lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Women 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an