1 Korent 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi Jezikri apòt, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak Sostèn, frè nou, 2pou #1 Kor 6.11; Tra 9.14 nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Senyè nou an. Paske Jezikri se Senyè yo menm jan li Senyè nou tou.
3Nou #Wòm 1.7 mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Benediksyon moun Korent yo
4Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri. 5Pandan n'ap viv ansanm ak Kris la, Bondye fè nou rich nèt, li ban nou tout kalite kado: kado sa yo penmèt nou preche pawòl la tout jan epi yo ban nou anpil konesans. 6Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou. 7Se #Lik 17.30; 2 Tes 1.7; Tit 2.13 sa k fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Senyè nou an, pral parèt la. 8Bondye #Fil 1.6; 1 Tes 3.13; 5.23 va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Senyè nou an, va rive. 9Bondye #1 Tes 5.24; 1 Jan 1.3 ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Divizyon nan legliz Korent
10Frè #Fil 2.2; 3.16 m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse. 11Mwen di nou sa, frè m' yo, paske mwen aprann nan bouch moun fanmi Kloye yo gen chirepit nan mitan nou. 12Men #Tra 18.24,27; 1 Kor 3.4; Jan 1.42 sa m vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la. 13Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, eske se nan non Pòl yo te batize nou?
14Mwen #Tra 18.8; Wòm 16.23 i Bondye mèsi deske mwen pa te batize nou yonn menm, anwetan Krispis ak Gayis. 15Konsa, pèsonn pa ka di yo te batize nan non Pòl. 16(Mwen t'ap bliye sa: mwen te batize Estefanas ak moun lakay li yo tou. Men, mwen pa chonje m te batize pèsonn lòt ankò.) 17Epitou, #Jan 4.2; Mat 28.19 Kris la pa te voye m' batize moun. Li voye m' anonse Levanjil. Epi se pou m'anonse li san m'pa bezwen nan bèl diskou ki chita sou bon konprann lèzòm, diskou ki ta desann valè lanmò Kris sou lakwa a.
Kris la se pouvwa ak bon konprann Bondye
18Pou #2 Kor 4.3; Wòm 1.16 moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye. 19Se #Eza 29.14 sa menm ki te ekri nan Liv la:
M'ap detwi bon konprann moun lespri yo.
M'ap voye konesans save yo jete.
20Bon, #Jòb 12.17; Eza 19.12; 33.18 lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?
21Se #Mat 11.25; Lik 8.12 sa k fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a. 22Yon #Mat 12.38; Jan 4.48; Tra 17.18,32 bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann. 23Men #1 Kor 2.14; Wòm 9.32 nou menm, n'ap preche Kris krisifye sou lakwa a. Pou jwif yo, sa se yon eskandal ki choke yo. Pou sa ki pa jwif yo, se yon foli. 24Men #Kol 2.3 pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif kit yo pa jwif, Kris se pisans ak bon konprann Bondye. 25Paske, #2 Kor 13.4 sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.
26Kounyeya, frè #Mat 11.25; Jan 7.48 m yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi. 27Se #Jak 2.1-5 konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l fè grannèg yo wont. 28Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn. 29Konsa, #Wòm 3.27; Ef 2.9 pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye. 30Bondye #Jer 23.5,6; 2 Kor 5.21; Jan 17.19 mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou. 31Konsa, #Jer 9.23,24 jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an