Women 15

15
Chache fè frè parèy nou plezi
1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. 2Okontrè, #1 Kor 9.19; 10.24,33 se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye. 3Paske #Sòm 69.9 Kris la pat chache sa ki te fè l plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure. 4Se #Wòm 4.23,24; 1 Kor 10.11 konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye. 5Se #Fil 3.16 pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. 6Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.
Bòn Nouvèl la pou tout moun
7Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. 8Men #Mat 15.24; Tra 3.25 sa m vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l te moutre jan Bondye kenbe pawòl li. 9Men, #Wòm 11.30; Sòm 18.49; 2 Sam 22.50 li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la:
Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo.
Se poutèt sa m'a chante pou non ou.
10Liv #Det 32.43 la di ankò:
Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a.
11Li #Sòm 117.1 di ankò:
Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo!
Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!
12Ezayi #Eza 11.10; Rev 5.5 di tou:
Li gen pou l vini, pitit pitit Izayi a.
Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo.
Nasyon yo va mete espwa yo nan li.
13Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Rezon ki fè Pòl ekri konsa
14Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. 15Men, #Wòm 1.5; 12.3 mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an, 16pou m te #Wòm 11.13; Fil 2.17 sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. 17Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. 18-19Wi, #2 Kor 3.5 m'ap #Mak 16.17 penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. 20Men, #2 Kor 10.15,16 lanbisyon m se te pou m fè konnen bòn nouvèl la sèlman kote moun pat ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m pat bati sou fondasyon lòt moun te poze, 21jan #Eza 52.15 sa te ekri nan Liv la:
Moun ki pat ankò konnen l yo va wè.
Moun ki pat ankò tande nonmen non l yo va konprann.
Pòl fè lide vizite Wòm
22Se #Wòm 1.10-13 rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou. 23Men, kounyeya, mwen pa gen anyen ki kenbe m nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou. 24Mwen #1 Kor 16.6 ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou. 25Men, #Tra 19.21; 20.22 kounyeya, mwen pral Jerizalèm pou m ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis. 26Legliz #1 Kor 16.1; 2 Kor 8.1; 9.2,12 ki nan peyi Masedouàn ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm. 27Se #Wòm 9.4; 1 Kor 9.11 yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki sòti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pat jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo. 28Lè m'a fini avèk zafè sa a, lè m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Lespay, m'a pase wè nou sou wout. 29Mwen #Wòm 1.11 konnen lè m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.
30Men #2 Kor 1.11; Fil 1.27; Kol 4.3; 2 Tes 3.1 sa mwen mande nou, frè mwen yo: Nan non Jezikri, Senyè nou an, nan non lamou Lespri ban nou an, tanpri, pa lage m' nan batay la poukont mwen. Lapriyè Bondye pou mwen. 31Lapriyè pou m ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a. 32Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou. 33Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Women 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte