Women 14

14
Pa pote jijman sou frè ou
1Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans #Wòm 15.1; 1 Kor 8.9 yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen. 2Men #Jen 1.29; 9.3 yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay. Gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase. 3Moun #Kol 2.16 ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a. 4Ki #Mat 7.1; Jak 4.11,12 moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l kenbe fèm, paske Senyè a gen pouvwa pou l soutni li.
5M'ap #Gal 4.10 pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo. 6Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi. 7Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, 8si #Gal 2.20; 1 Tes 5.10; Lik 20.38 n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. 9Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo. 10Men #Tra 17.31; 2 Kor 5.10; Mat 25.31,32 ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a. 11Paske #Eza 45.23; 49.18; Fil 2.10,11 men sa ki ekri nan Liv la:
Mèt la di:
Jan nou konnen mwen vivan an vre,
konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen.
Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.
12Se #Gal 6.5 konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
Pa fè frè ou bite sou kont ou
13Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche. 14Paske, #Mat 15.11; Tra 10.15; Tit 1.15 mwen menm k'ap viv ansanm avèk Senyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki sòti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li. 15Si #1 Kor 8.11-13 ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l te ka sove l tou. 16Sa #Tit 2.5 ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal. 17Gouvènman #Lik 17.20 Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo. 18Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.
19Se #Wòm 12.18; 15.2 sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye. 20Piga kraze travay Bondye a poutèt yon kèsyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche. 21Sa #1 Kor 8.13 ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche. 22Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l pou tèt ou devan Bondye. Benediksyon pou yon moun ki pa santi l koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè. 23Men, #Tit 1.15 moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l lè l manje l, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Chwazi Kounye ya:

Women 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte