1
Women 14:17-18
1998 Haïtienne
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo. Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.
Konpare
Eksplore Women 14:17-18
2
Women 14:8
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.
Eksplore Women 14:8
3
Women 14:19
Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
Eksplore Women 14:19
4
Women 14:13
Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
Eksplore Women 14:13
5
Women 14:11-12
Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye. Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
Eksplore Women 14:11-12
6
Women 14:1
Se pou n resevwa byen moun ki fèb nan konfyans yo san nou pa bezwen diskite opinyon yo genyen.
Eksplore Women 14:1
7
Women 14:4
Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l kenbe fèm, paske Senyè a gen pouvwa pou l soutni li.
Eksplore Women 14:4
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo