Sòm 78

78
SÒM 78 (77)
Bondye p'ap janm lage pèp li
(1a) Se #Sòm 49.1; Eza 51.4 yon chante Asaf.
1(1b) Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou!
Louvri zòrèy nou pou n tande sa m'ap di!
2Mwen #Sòm 49.4; Mat 13.35 pral pale ak nou, pou m fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,
3bagay #Sòm 44.1 nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen,
bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.
4Nou #Egz 12.26,27; Det 4.9; Joz 4.6,7 p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo.
N'ap fè lwanj Senyè a
devan timoun k'ap vini yo.
N'ap fè yo konnen jan l gen pouvwa, jan l gen fòs,
jan li fè gwo mèvèy.
5Li #Sòm 147.19 te di pèp Izrayèl la sa pou li fè.
Wi, se pitit pitit Jakòb sa yo li te bay kòmandman li yo.
Li te mande zansèt nou yo pou aprann pitit yo lalwa Bondye a,
6pou #Sòm 102.18 timoun ki fenk fèt yo ka konnen l,
pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l.
7Konsa #Sòm 105.45 yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye.
Yo p'ap bliye sa li te fè.
Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
8Konsa #Egz 32.9; 2 Wa 17.14; Jer 5.23 yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye,
ki te derefize fè sa li te mande yo fè,
ki pat janm gen yon konfyans fèm nan Bondye,
ki pat kenbe pawòl yo ak Bondye.
9Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch.
Men, yo kouri lè batay mare.
10Yo #2 Wa 17.15 pat kenbe kontra Bondye te pase ak yo a.
Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
11Yo #Sòm 106.13; Eza 17.10; Jer 2.32 fè esprè, yo bliye sa li te fè,
tout mèvèy li te fè yo wè.
12Wi, #Egz 7.8—12.32 se devan je zansèt yo Bondye te fè
mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
13Li #Egz 14.21; 15.8 fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l.
Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
14Pou l #Egz 13.21 moutre yo chemen pou yo pran,
lajounen li ba yo yon nyaj,
lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
15Li #Egz 17.6; Nonb 20.11; Sòm 105.41; Eza 48.21 fann gwo wòch nan dezè a,
li ba yo kont dlo pou yo bwè.
16Li fè sous dlo pete nan wòch la,
li fè dlo koule tankou dlo larivyè.
17Men, #Det 9.22; Eza 63.10; Eb 3.16 yo pat sispann fè peche kont Bondye,
yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la,
lè yo te nan dezè a.
18Yo #Egz 17.2; Nonb 11.4; Det 6.16; Sòm 106.14; 1 Kor 10.9 te vle sonde Bondye:
yo mande pou l ba yo manje yo te vle manje a.
19Yo #Egz 16.3; Nonb 21.5; Sòm 23.5 pale Bondye mal, yo di:
— Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?
20Wi, se vre. Li frape wòch la:
Dlo koule kou larivyè.
Men, eske li kapab ban nou pen?
Eske li ka bay pèp li a vyann?
21#Nonb 11.1; Sòm 95.10 Senyè a tande sa, li fè kòlè.
Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo.
Li vin ankòlè anpil sou yo,
22paske yo pat gen konfyans nan Bondye,
yo pat kwè li ta kapab delivre yo.
23Li #Jen 7.11; Mal 3.10 pale ak nyaj yo ki anwo nan syèl la,
li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.
24Li #Egz 16.4; Ney 9.15,20; Jan 6.31; 1 Kor 10.3 grennen lamàn sou yo pou yo manje.
Li ba yo manje farin ki sòti nan syèl la.
25Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo.
Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
26Lèfini, #Nonb 11.18-20,31 li fè yon van lès soufle nan syèl la.
Avèk pouvwa li, li fè yon van leve sòti nan sid.
27Li grennen vyann sou yo tankou pousyè.
Li fè zwazo sòti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.
28Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a,
tout bò kay yo.
29Yo tout te manje plen vant yo.
Bondye ba yo tou sa yo te anvi.
30Men, #Nonb 11.33,34 yo pat ankò fin manje,
yo pat ankò fin plen vant yo,
manje a te nan bouch yo toujou,
31lè Bondye fache sou yo.
Li touye pi grannèg nan mitan yo,
li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.
32 # Nonb 14.1-4,11 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche.
Yo pat vle kwè nan mirak sa yo.
33Se #Nonb 14.29,35; 26.64,65 konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen.
Li sezi yo, yo mouri frèt.
34Li #Sòm 63.1; Oze 5.15 te fè detwa ladan yo mouri.
Se lè sa a yo tounen vin jwenn li,
yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
35Yo #Det 32.4,15 vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo.
Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
36Men, #Eza 29.13; 57.11; Eze 33.31 tout bèl pawòl sa yo, se te manti.
Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
37Yo #Sòm 51.10; Tra 8.21 pat sensè avè li,
yo pat kenbe kontra li te pase ak yo.
38Men, #Egz 34.6; Nonb 14.20; Ney 9.17; Sòm 86.15 paske Bondye te gen pitye pou yo,
li padonnen peche yo, li pat touye yo.
Anpil fwa menm, li kenbe, li pat fè kòlè sou yo.
Li pat kite kòlè l tonbe sou yo.
39Li #Jen 6.3; Jòb 7.7; Jak 4.14 chonje se moun yo ye,
se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.
40Men, se pa ni de ni twa fwa
yo te leve dèyè li nan dezè a!
Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l fè kòlè!
41Se #Sòm 71.22 tout tan yo t'ap tante Senyè a!
Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!
42Yo #Jij 8.34 bliye jan li gen pouvwa.
Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,
43#Sòm 105.27-36 li #Egz 7.3; 11.9,10 te fè gwo mirak ak bèl mèvèy
nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
44Li #Egz 7.17-21 fè dlo larivyè yo tounen san.
Pèsonn pat ka bwè dlo sa yo.
45Li #Egz 8.2-14,21-24 voye mouchavè sou yo pou devore yo.
Li voye krapo pou detwi yo.
46Li #Egz 10.12-15 voye krikèt vèt pou manje rekòt yo,
chwalbwa pou devore tout jaden yo.
47Li #Egz 9.22-25 touye pye rezen yo ak lagrèl,
li touye pye sikomò yo ak fredi.
48Li #Egz 9.19-21 touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl,
li touye bann mouton yo ak loray.
49Li #Egz 12.13,23; 2 Sam 24.16 te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache.
Li fè anpil malè tonbe sou yo.
Li voye yon lame zanj pou detwi yo.
50Li kite kòlè l pase sou yo,
li pat sove lavi yo yonn.
Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.
51Li #Egz 12.29; Sòm 105.23,36 touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la,
tout premye pitit gason nan laras Kam lan.
52Lèfini, #Sòm 77.20 tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale,
li kondi yo nan mitan dezè a.
53Li #Egz 14.13,19,20,27,28 mennen yo san danje san malè.
Yo pat bezwen pè anyen.
Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.
54Li #Egz 15.17; Sòm 68.16 fè yo rive sou fontyè peyi li te chwazi pou li a,
toupre mòn li te pran ak fòs kouray li a.
55Li #Joz 23.4; Sòm 44.2 mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas.
Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo.
Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.
56Men, #Jij 2.11,12 yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.
Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo:
Yo pa fè sa li te mande yo fè!
57Yo #Oze 7.16 pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè.
Yo pati sou move pye, yo mal derape.
58Yo #Lev 26.30; Det 12.3; 31.29; 32.16; Eze 20.28 fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo,
yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
59Bondye #Sòm 106.40 fache lè li wè sa.
Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
60Li #Joz 18.1; 1 Sam 4.11; Jer 7.12-14 kite kay li te genyen Silo a,
kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
61Li #1 Sam 4.21 kite lènmi yo pran Bwat Kontra a,
ki te garanti pouvwa li ak fòs li
nan mitan yo, li kite yo pote l ale.
62Li #1 Sam 4.10 te fache nèt sou pèp li a,
li kite lènmi touye yo nan lagè.
63Jenn #Sòm 89.46; Jer 7.34 gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pèsonn pou marye ak yo.
64Tout #1 Sam 4.11; Jòb 27.15 prèt yo mouri anba kout nepe.
Vèv yo pat kriye pou yo.
65Se #Sòm 73.20; Eza 42.13 lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi.
Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.
66Li frape lènmi yo, li fè yo kouri.
Li fè yo wont pou tout tan.
67Li voye pitit Jozèf yo jete,
li pat chwazi branch fanmi Efrayim lan.
68Li #Sòm 87.2 chwazi branch fanmi Jida a pito,
ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
69Se #1 Wa 6.1-14 la li bati Tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la.
Li fè l solid tankou latè, pou tout tan.
70Li #1 Sam 16.11-13 te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l.
Li wete l dèyè mouton li t'ap okipe yo,
71dèyè #2 Sam 5.2; 7.8; Mi 5.2-4 manman mouton ki gen pitit dèyè yo,
li fè l wa sou pitit Jakòb yo.
Li mete l gadò pèp Izrayèl la.
72David #1 Wa 9.4; Sòm 101.2 pran swen yo ak tout kè li.
Li kondi yo avèk anpil ladrès.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 78: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an