Sòm 79

79
SÒM 79 (78)
Lapriyè pou mande delivrans peyi a
(1a) Se #2 Wa 25.9; Sòm 74.2,7; Jer 26.18; Lam 1.10; Mi 3.12 yon sòm Asaf.
1(1b) Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a!
Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li.
Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.
2Yo #Det 28.26; Jer 7.33 kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwazo nan syèl vin manje.
Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo
pou bèt bwa vin manje.
3Yo #Jer 14.16 fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè.
San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm.
Pat gen pèsonn pou antere kadav yo!
4Ou #Sòm 44.13; Da 9.16 fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz.
Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou,
y'ap pase nou nan rizib.
5Senyè! #Det 29.20; Sòm 13.1; Eze 36.5 jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan?
Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
6Mete #Sòm 14.4; Jer 10.25; Sof 3.8 ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo,
sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo,
yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
8Tanpri, #Sòm 116.6; Eza 64.9; Jer 11.10 pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè.
Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou,
paske nou fin dekouraje nèt.
9O #Sòm 23.3; Jer 14.7 Bondye, ou menm ki delivrans nou,
fè konnen se ou ki gen pouvwa! Vin pote nou sekou.
Delivre nou, padonnen peche nou yo
pou moun ka fè lwanj ou.
10Poukisa #Sòm 42.3; 94.1 moun lòt nasyon yo ap mande nou:
— Kote Bondye nou an!
Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini
moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
11Koute #Sòm 102.20 jan prizonye yo ap plenn non!
Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.
12Senyè, #Lev 26.21,28; Eza 65.6,7 rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy
pou tout joure yo joure ou yo.
13#Sòm 74.1; Eza 43.21 sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo,
nou p'ap janm sispann di ou mèsi.
Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 79: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte