Sòm 77

77
SÒM 77 (76)
Anba tray, nou chonje tan lontan
(1) Pou #Sòm 3.4 chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.
1(2) Mwen #Sòm 50.15; 86.7; 143.6; Eza 26.9 rele byen fò nan pye Bondye.
Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
2(3) Lè #Sòm 43.5; 61.2; 142.3; 143.4 mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a.
Tout lannwit m'ap lapriyè san rete,
mwen pa ka jwenn konsolasyon.
3(4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn!
M'ap kalkile, mwen santi m dekouraje!
4(5) Ou #Det 32.7; Sòm 143.5; Eza 51.9 fè m rete je klè,
mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
5(6) M'ap #Sòm 4.4; 42.8 chonje tan lontan,
wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
6(7) Mwen #Sòm 44.9 pase nwit ap repase chante yo,
m'ap kalkile anpil nan kè m
m'ap egzaminen, m'ap di:
7(8) — Eske #Jer 15.18; Wòm 9.6 Senyè a voye m jete nèt?
Eske li p'ap janm kontan avè m ankò?
8(9) Eske #Eza 49.15; Aba 3.2 Bondye pa gen bon kè ankò?
Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
9(10) Eske #Jer 10.19 Bondye bliye gen pitye?
Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
10(11) Apre #Sòm 105.5 sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò!
Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
11(12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo,
paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
12(13) M'ap #Sòm 35.10 kalkile tout sa ou te fè yo,
m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo!
13(14) Tout #Sòm 72.18; 106.8 sa ou fè, Bondye, se bagay apa!
Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
14(15) Ou #Egz 6.6; Det 9.29 se Bondye ki fè mèvèy.
Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
15(16) Avèk #Egz 14.21; Joz 3.15,16; Sòm 114.3; Aba 3.10 fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a,
pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
16(17) Lè #Sòm 18.14 dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè.
Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
17(18) Nyaj #Sòm 97.4; 104.7 yo pran vide gwo lapli,
kout loray pran woule nan nyaj yo,
kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
18(19) Bri #Aba 3.15 loray la pran woule nan syèl la.
Kout zèklè klere toupatou.
Tè a sòti pè, li pran tranble.
19(20) Ou #Egz 13.21; Eza 63.11,12 louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a.
Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an.
Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
20(21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a
tankou yon bann mouton y'ap mennen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 77: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte