Sòm 76

76
SÒM 76 (75)
Bondye genyen batay la
(1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye.
1(2) Yo #Jen 14.18; Sòm 9.11; 27.5 konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida.
Se tout moun k'ap nonmen non l nan peyi Izrayèl.
2(3) Li #Sòm 46.9; Eze 39.9 gen kay li lavil Salèm,
li rete sou mòn Siyon.
3(4) Se la li te kase flèch yo,
se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake.
Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
4(5) Gade #Sòm 13.3; Jer 51.39; Na 3.18 jan ou gen pouvwa, Bondye!
Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann sòti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
5(6) Sòlda #Egz 15.1 ki te gen anpil kouray nan lagè pèdi tout zafè yo.
Kounyeya y'ap dòmi nèt, yo mouri.
Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
6(7) Aa, #Jòb 41.10; Sòm 130.3; Na 1.6 Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo,
ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
7(8) Men #2 Kwo 20.29,30; Aba 2.20 ou menm, ou fè moun respekte ou!
Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
8(9) Ou #Sòm 9.7,8 rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije.
Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
9(10) lè #Egz 9.16 Bondye leve pou bay santans li,
pou l delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
10(11) Menm #Sòm 50.14; 69.29; 89.7; Ekl 5.4; Eza 8.13 lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou.
Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
11(12) Fè #Sòm 47.2 pwomès ou bay Senyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou.
Nou menm, tout nasyon ki bò kote l yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l la.
12(13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 76: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte