Sòm 68

68
SÒM 68 (67)
Lwanj pou Bondye
(1) Pou #Nonb 10.35; Sòm 92.9; Eza 33.3 chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante.
1(2) Lè #Sòm 97.5; Mi 1.4 Bondye kanpe, lènmi l yo gaye,
moun ki rayi l yo kouri lè l parèt.
2(3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a,
se konsa w'ap disparèt yo.
Menm jan lasi fonn nan dife,
se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.
3(4) Men #Sòm 66.4; 89.8; Eza 40.3; 57.14; Aba 3.8 moun ki mache dwat yo ap kontan,
y'ap fè fèt devan Bondye.
Y'ap kontan anpil anpil.
4(5) Chante #Det 10.18; Sòm 10.14 pou Bondye, fè fèt pou li.
Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an.
Se Senyè ki non li.
Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
5(6) Bondye #1 Sam 2.5; Sòm 107.33; 146.7; Tra 12.7; 16.26 rete nan kay ki apa pou li a,
li sèvi papa pou timoun ki san papa yo,
li pwoteje vèv yo.
6(7) Moun #Egz 13.21; Jij 4.14 ki san fanmi yo, li ba yo fanmi.
Li fè prizonye yo sòti nan prizon, li fè kè yo kontan.
Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l yo,
y'ap rete nan prizon.
7(8) O #Egz 19.18; Jij 5.4 Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a,
lè ou t'ap travèse dezè a,
8(9) tè a #Sòm 65.9,10 te pran tranble, lapli te pran tonbe sòti nan syèl la devan Bondye.
Devan Bondye mòn Sinayi a,
wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
9(10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè.
Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
10(11) Pèp #Egz 15.20; 1 Sam 18.6; Sòm 33.9 ou a moute kay li nan peyi ou pare
pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.
11(12) Senyè a #Joz 10.16; Jij 5.30 bay lòd,
epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:
12(13) — Wa #Jij 5.16 yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo.
Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
13(14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo
zèl pijon an klere tankou ajan.
Plimaj li jòn tankou lò.
14(15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a,
li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.
15(16) Ala #Sòm 132.13,14 yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan!
Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
16(17) Poukisa, #2 Wa 6.17 ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi
pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l rete a?
Se la Senyè a ap rete pou tout tan.
17(18) Senyè a #Jij 5.12; Tra 1.9; Ef 4.8; Rev 21.3 gen anpil cha! Li moute sou yo.
Li sòti mòn Sinayi pou l'al kote ki apa pou li a.
18(19) Ou #Eza 46.4 moute anwo,
ou mennen anpil prizonye ale avè ou.
Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
19(20) Ann #Det 32.39; Rev 1.18 fè lwanj Senyè a chak jou!
Li pote chay nou pou nou:
Se li ki Bondye nou,
se li ki delivre nou.
20(21) Bondye #Sòm 110.6 sa a se Bondye delivrans nou!
Senyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
21(22) Bondye #Nonb 21.33-35 gen pou l kraze tèt lènmi li yo.
Wi, li gen pou l kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.
22(23) Senyè #1 Wa 22.38; Sòm 58.10 di:
— M'ap fè lènmi yo tounen sòti nan peyi Bazan.
M'ap fè yo tounen sòti nan fon lanmè a.
23(24) pou ou ka mache nan san yo,
pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
24(25) Bondye, #Egz 15.20; 1 Kwo 13.8; 15.16 tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou.
Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an,
ap mache antre kote ki apa pou li a.
25(26) Moun #Det 33.28; Sòm 26.12; Eza 48.1 k'ap chante ap mache devan,
mizisyen yo dèyè.
Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.
26(27) Fè #Jij 5.18; 1 Sam 9.21 lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l reyini.
Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!
27(28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo.
Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo.
Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.
28(29) Bondye, #2 Kwo 32.23; Eza 18.7 fè wè pouvwa ou non!
Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!
29(30) Rete #2 Sam 8.2,6; Jòb 40.21; Sòm 22.12 nan Tanp ou a lavil Jerizalèm,
kote wa yo ap pote kado ba ou.
30(31) Fè #Eza 19.19,21; 45.14; Tra 8.27,28 bèt ki rete anba wozo yo pè,
fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou,
jouk y'a vin soumèt devan ou,
jouk y'a vin ofri ajan ba ou.
Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!
31(32) Grannèg #68.31: Grannèg: Nou pa fin sèten mo sa a koresponn ak mo ebre a, paske nou pa fin konprann sans mo ebre a. ap sòti nan peyi Lejip,
moun peyi Letyopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.
32(33) Nou #Det 10.14; 33.26; Sòm 29.1,4; 150.1 menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye!
Chante pou fè lwanj Senyè a,
33(34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la,
nan syèl ki la
depi lontan lontan an.
Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò.
34(35) L'ap #Sòm 29.11; Eza 40.29 di: — Rekonèt jan Bondye gen pouvwa!
L'ap donminen sou pèp Izrayèl la.
Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa.
35(36) Bondye chita kote ki apa pou li a,
li fè tout moun respekte l.
Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouray.
Di Bondye mèsi!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 68: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an