Sòm 67

67
SÒM 67 (66)
Se pou tout moun fè lwanj Bondye
(1) Pou #Nonb 6.25; Sòm 4.6 chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante.
1(2) Tanpri, #Lik 2.30-32; Tra 18.25,26; Tit 2.11 Bondye, gen pitye pou nou!
Voye benediksyon ou sou nou!
Fè nou santi ou la avèk nou,
2(3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle,
pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.
3(4) Se #Sòm 9.8 pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye.
Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
4(5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan.
Se pou yo chante tèlman yo kontan,
paske ou jije pèp yo san patipri,
ou dirije tout nasyon ki sou latè.
5(6) Se #Lev 26.4; Sòm 85.12; Eze 34.27 pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye.
Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
6(7) Latè #Sòm 22.27 bay rekòt.
Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
7(8) Wi, Bondye te voye benediksyon li
sou nou.
Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 67: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an