Sòm 66

66
SÒM 66 (65)
Fè lwanj Bondye ki delivre nou
(1a) Pou #Sòm 98.4 chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye.
1(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye!
Fe fèt pou fè lwanj Bondye!
2Chante #Eza 42.12 pouvwa Bondye!
Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
3Di #Sòm 18.44; 65.5 Bondye:
Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou.
Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
4Tout moun ki rete sou latè ap adore ou.
Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
5Vini #Sòm 46.8 non! Al gade sa Bondye fè!
Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
6Li #Egz 14.21; Joz 3.17; 4.23; Eza 63.12 fè fon lanmè a tounen tè sèk:
Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye.
Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
7Avèk fòs kouray li l'ap donminen pou tout tan.
L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè.
Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?
8Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi!
Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!
9Se #Sòm 121.3 li menm ki ban nou lavi.
Li pa kite pye nou glise.
10Bondye, #Jòb 23.10; Zak 13.9 ou te fè nou pase anba tray
pou ou te wè kote nou ye.
Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon,
se konsa ou te fè nou pase anba tray.
11Ou #Lam 1.13; Eze 12.13 te kite nou tonbe nan pèlen an.
Ou te mete yon chay lou sou do nou.
12Ou #Eza 43.2; 51.23 kite nenpòt moun ap pase nou lòd.
Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo.
Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
13M'a #Sòm 50.14 vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou,
m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
14M'a #Sòm 18.6 kenbe pawòl mwen te di
lè m te nan tray la.
15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la,
ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou.
Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
16Vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye.
M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.
17Mwen rele nan pye l,
mwen te deja pare pou m te fè lwanj li.
18Si #Pwo 28.9; Eza 1.15; 59.2; Jan 9.31 mwen te gen move lide nan tèt mwen,
Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la.
19Men #Sòm 116.1,2 Bondye te koute sa m t'ap di l la,
li te tande m lè m t'ap lapriyè.
20Lwanj pou Bondye!
Mèsi Bondye!
Ou pat kite m lapriyè pou gremesi.
Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 66: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an