Sòm 65

65
SÒM 65 (64)
Chante pou di Bondye mèsi
(1) Pou #Sòm 50.14 chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante.
1(2) Bondye, #2 Wa 19.20; Sòm 86.9; Eza 66.23 ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon,
se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
2(3) Paske #Sòm 38.4; 79.9; Eza 6.7 ou tande lè y'ap lapriyè ou.
Tout moun ap vin nan pye ou,
3(4) pou #Sòm 33.12; 84.4 rekonèt peche yo.
Peche nou yo twòp pou nou.
Men, w'ap efase yo.
4(5) Ala #Det 10.21; 2 Sam 7.23; Sòm 22.27 bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi,
pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou!
N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou,
ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
5(6) Bondye, #Sòm 93.1 ou menm k'ap delivre nou,
w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri.
W'ap fè bèl bagay pou nou.
Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè
ap mete konfyans yo nan ou.
6(7) Avèk #Sòm 89.9; 107.29; Eza 17.12,13; Mak 4.39 fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo.
Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.
7(8) Ou kase lanmè a lè l move.
Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri.
Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
8(9) Moun #Lev 26.4; Sòm 46.4; 68.9; 147.14 ki rete nan dènye bout latè a pran tranble
lè yo wè bèl bagay ou fè yo.
Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche
ou fè moun rele sitèlman yo kontan.
9(10) Ou #Jòb 5.10 moutre jan ou pran swen latè:
Ou voye lapli pou wouze l.
Ou fè l donnen anpil.
Larivyè Bondye toujou plen dlo.
Ou pare yon bèl rekòt mayi.
Men ki jan ou pran swen tè a:
10(11) Ou #Sòm 104.13 mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo.
Ou kase bit tè yo.
Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li.
Ou fè grenn yo jèmen.
11(12) Ala #Jòb 38.26,27; Jowèl 2.22 yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini!
Tout kote ou pase gen labondans an kantite!
12(13) Jaden #Sòm 98.8; Eza 30.23; 44.23 ki nan dezè a jwenn kont dlo yo.
Ti mòn yo kontan.
13(14) Jaden yo plen zannimo.
Jaden mayi kouvri tout fon yo.
Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 65: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte