Sòm 31

31
SÒM 31 (30)
Senyè a se tout konfyans mwen
(1) Pou #Sòm 71.1-3 chèf #Sòm 11.1; 31.17 sanba yo. Se yon sòm David.
1(2) Senyè, #Sòm 71.2; 86.1; 91.2 m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
Pa janm kite m pran wont ankò.
Ou se yon Bondye ki pa nan patipri.
Tanpri, delivre mwen.
2(3) Panche #Sòm 18.2; 23.3; Jer 14.7 zòrèy ou bò kote m,
prese vin delivre mwen.
Se ou menm ki twou wòch kote m ka jwenn pwoteksyon.
Se ou menm ki pou sèvi m ranpa.
Se ou menm ki pou delivre m.
3(4) Se #Sòm 25.15; 43.2 ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen.
Tanpri, dirije m, kondi m poutèt non ou pote a.
4(5) Pa #Det 32.4; Lik 23.46; Tra 7.59; 1 Pyè 4.19 kite m tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an.
Se ou menm k'ap pwoteje m.
5(6) Mwen #Jer 14.22; Jo 2.8 renmèt lespri mwen nan men ou.
W'a delivre m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
6(7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl.
Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.
7(8) M'ap #Sòm 18.19 kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m.
Ou wè jan m'ap soufri,
ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.
8(9) Ou #Sòm 6.7 pa kite lènmi m yo mete men sou mwen,
ou mete m yon kote pou anyen pa rive m.
9(10) Gen #Sòm 6.2; 38.3 pitye pou mwen, Senyè,
paske mwen anba tray.
Figi m fin rale, mwen kagou.
Kò m ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
10(11) Mwen #Jòb 19.13,14; Sòm 88.8 pase tout lavi m ap soufri,
se tout tan m'ap plenn.
Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay.
Tout zo nan kò m ap fè m mal.
11(12) Tout #Sòm 88.5; Ekl 9.5 lènmi m yo ap pase m nan rizib.
Vwazen m yo ap pase m nan betiz.
Tout moun ki konnen m yo pè m.
Lè yo wè m nan lari, yo kouri pou mwen.
12(13) Tout #2 Sam 17.1-4; Jer 20.10; Mat 27.1 moun gentan bliye m, tankou si m te mouri deja.
Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.
13(14) Mwen #Sòm 31.1,6 tande jan anpil moun ap pale m mal.
Kote m pase mwen pè.
Yo mete tèt yo ansanm sou do m,
y'ap fè konplo pou yo touye m.
14(15) Men, #Sòm 7.1 Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen.
Se ou ki Bondye mwen.
15(16) Lavi m #Nonb 6.25; Sòm 119.135; Da 9.17 nan men ou.
Delivre m anba lènmi m yo,
anba moun k'ap pèsekite m yo.
16(17) Se #1 Sam 2.9; Sòm 25.2; 31.1; 115.17 sèvi m'ap sèvi ou,
tanpri, fè m santi ou la avèk mwen.
Delivre m, paske ou renmen m.
17(18) M'ap #Sòm 12.3; 17.10 rele ou, Senyè.
Pa kite m pran wont.
Se mechan yo ki pou wont.
Se pou yo mouri san di krik.
18(19) Se #Eza 64.4 pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti,
tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans,
k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.
19(20) Ala #Jòb 5.21; Sòm 27.5; 32.7 bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv
pou moun ki gen krentif pou ou!
Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun,
lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
20(21) Ou #1 Sam 23.7; Sòm 17.7 kenbe yo la devan je ou,
pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo.
Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.
21(22) Lwanj #2 Sam 15.14; Eza 38.11,12; Jo 2.4 pou Senyè a!
Ala bèl bagay li fè pou l moutre jan l renmen mwen,
lè m te anba tray, #31.21: lè m te anba tray: Dapre sa nou jwenn nan kèk lòt vèsyon, men tèks ebre a bay: lè yo te sènen m toupatou a. lè yo te sènen m toupatou a!
22(23) Mwen #Det 32.41; Sòm 30.4 te pè, mwen t'ap di nan kè m:
— Gen lè ou voye m jete byen lwen ou.
Men, ou te tande rèl mwen,
lè m t'ap mande ou sekou.
23(24) Nou #Sòm 27.14 tout k'ap sèvi Senyè a, se pou nou renmen l.
Wi, Senyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li.
Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.
24(25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a,
pran kouray, kenbe fèm.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 31: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an