Sòm 32

32
SÒM 32 (31)
Padon Bondye
(1a) Se #Wòm 4.7,8 yon #Egz 34.7; Sòm 85.2 kantik David.
1(1b) Ala bon sa bon pou yon moun
lè Bondye pa gade sou fòt li fè,
lè Bondye padonnen peche l yo!
2Ala #Jan 1.47; 2 Kor 5.19 bon sa bon pou yon moun
lè Senyè a pa mande l kont pou sa li fè ki mal,
lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!
3Tank #Sòm 22.1; 31.10 mwen pa te ko vle rekonèt peche mwen yo, se tank tou mwen t'ape cheche sou pye.
Tout lajounen mwen t'ap plenn.
4Lajounen #1 Sam 5.6,11 kou lannwit ou t'ap kale mwen, Senyè.
Mwen te fin rann tout ji mwen
Mwen te tankou tè sèk nan sezon lesèk.
5#2 Sam 12.13; Sòm 38.18; 51.3; Pwo 28.13; Lik 15.18; 1 Jan 1.9 sa a, mwen rekonèt peche m yo devan ou,
mwen pat kache ou sa m te fè ki mal.
Mwen di: M'ap rakonte Senyè a tout bagay.
Apre sa, ou te padonnen tout peche m yo.
6Se #Sòm 42.7; 69.1,13; Eza 55.6 konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. #32.6: lè yo nan tray: Dapre sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon. Men, tèks ebre a bay: lè y'a jwenn ou sèlman.
Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
7Se #Egz 15.1-18; Jij 5.1-31; Sòm 9.9; 31.20; 119.114 bò kote ou mwen vin kache.
Jou malè w'ap delivre m.
M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.
8Senyè a #Sòm 25.8,12; Eza 48.17 di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la.
M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
9Pa #Jòb 35.11; Pwo 26.3 fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann.
Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo.
Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
10Mechan #Sòm 34.8; Pwo 13.21; 16.20; Jer 17.7; Wòm 2.9 yo gen pou yo soufri anpil.
Men, Senyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
11Nou #Sòm 64.10; 68.3 tout k'ap viv jan Bondye vle l la, fè kè nou kontan,
chante pou sa Senyè a fè pou nou.
Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye,
rele, fè wè jan nou kontan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 32: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte