Sòm 30

30
SÒM 30 (29)
Mèsi Bondye
(1) Kantik #Sòm 25.2; 35.19,24 pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David.
1(2) M'ap #Sòm 6.2; 88.13 fè lwanj ou, Senyè,
paske ou mete m sou de pye m ankò,
paske ou pa bay lènmi m yo chans pou yo pase m nan rizib.
2(3) Senyè, #Sòm 16.10; 28.1 Bondye mwen, mwen rele nan pye ou,
epi ou geri mwen.
3(4) Ou #Sòm 50.5; 97.12 rale m sòti nan bouch twou a.
Ou ban m lavi ankò, ou pa kite m mouri.
4(5) Nou #Sòm 103.9; Eza 54.7,8 tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li!
Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.
5(6) Paske, #Sòm 10.6; Pwo 1.32 lè li ankòlè, se pou yon ti tan.
Men, li ban nou favè l
pou tout tan n'ap viv.
Lannwit nou kriye,
Kou l jou, kè nou kontan.
6(7) Mwen #2 Sam 24.10; Sòm 104.29 te santi kè m poze,
se sa k fè mwen t'ap di:
— Anyen p'ap janm rive m.
7(8) Senyè, #Sòm 142.1 ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo.
Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase.
8(9) Mwen #Sòm 6.5 te kriye nan pye ou, Senyè.
Mwen te mande ou sekou.
9(10) Si #Sòm 27.7 ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou?
Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou?
Eske moun mouri ka fè lwanj ou?
Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?
10(11) Koute m #2 Sam 6.14; Jer 31.13 non, Senyè! Gen pitye pou mwen!
Senyè, pote m sekou!
11(12) Ou #Sòm 16.9 siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil.
Ou wete rad dèy ki te sou mwen an,
ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.
12(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen,
m'ap chante lwanj ou.
Senyè, se ou menm ki Bondye mwen!
Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an