Sòm 29

29
SÒM 29 (28)
Vwa Senyè a
(1a) Se #Sòm 96.7-9 yon #Sòm 89.6 sòm David.
1(1b) Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Senyè a!
Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
2Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a!
Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a! #29.2: nan bèl kay ki apa pou li a: Osinon avèk rad seremoni yo sou nou. Tèks ebre a pa klè.
3Senyè a #Jòb 37.4,5; Sòm 18.11,13 fè tande vwa li sou lanmè.
Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde.
Senyè a ap mache sou tout lanmè a.
4Vwa #Sòm 68.33 Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa!
Se yon vwa ki mande pou moun respekte l!
5Vwa Senyè a kase pye sèd yo,
li kase pye sèd peyi Liban yo.
6Li #Det 3.9; Sòm 114.4,6 fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf.
Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
7Vwa Senyè a fè zèklè.
8Vwa Senyè a fè dezè a tranble.
Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
9Vwa #Jòb 39.1-3 Senyè a tòde pye chenn yo.
Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe.
Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
10Senyè a #Jen 6.17; Sòm 10.16 te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an.
L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
11Senyè a #Sòm 68.35; Eza 40.29 va bay pèp li a fòs,
l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an