Sòm 28

28
SÒM 28 (27)
Senyè a tande rèl nou
(1a) Se #Sòm 18.2; 31.3; 35.22; 143.7 yon sòm David.
1(1b) Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a, se nan pye ou m'ap rele.
Pa fè tankou ou pa tande m.
Si ou pa reponn mwen,
m'ap tankou yon kadav y'ap antere.
2Tande m #1 Wa 8.29; Sòm 5.7; 134.2; 140.6 non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou.
Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.
3Pa #Sòm 26.9; Jer 9.8 mete m nan menm sak ak mechan yo,
ak moun k'ap fè sa ki mal,
ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo
men ki gen mechanste plen kè yo.
4Pini #Jer 50.15,29; 2 Tim 4.14; Rev 18.6; 22.12 yo pou sa yo fè,
pou tou sa yo fè ki mal.
Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
5Yo #Eza 5.12 pa pran ka sa Senyè a te fè,
sa l te fè ak men l.
Se pou Senyè a detwi yo,
se pou l disparèt yo nèt ale.
6Ann fè lwanj Senyè a.
Li tande m lè mwen rele l.
7Senyè a #Sòm 3.3; 69.30 ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen.
Mwen mete tout konfyans mwen nan li.
Li ede m, kè m kontan.
M'ap chante pou m fè lwanj li.
8Se #Sòm 20.6; 140.7 Senyè a ki tout fòs pèp li a.
L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l.
9Senyè, #Det 9.29; 1 Wa 8.51; Sòm 78.71,72; Eza 63.9 sove pèp ou a non!
Beni tout moun pa ou yo!
Aji ak yo tankou yon bon gadò.
Pran swen yo tout tan tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 28: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an