Sòm 141

141
SÒM 141 (140)
Bondye, pote m sekou
(1a) Se #Sòm 70.5 yon sòm David.
1(1b) Senyè, m'ap rele ou, prese vin kote m non!
Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
2Se #Egz 29.41; Lik 1.10; 1 Tim 2.8; Rev 5.8 pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a!
Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
3Senyè, #Sòm 34.13 mete yon mò nan bouch mwen.
Veye pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
4Pa #Sòm 119.36; Pwo 23.6; Mat 6.13 kite move lide pran tèt mwen.
Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo.
Pa kite m patisipe nan fèt yo!
5 # 141.5-7: Vèsè sa yo pa klè nan tèks ebre a. Ou #Sòm 109.4; Pwo 9.8; 27.6; Ekl 7.5 mèt kite yon moun ki mache dwat pini m.
Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen.
Men, pa kite m patisipe nan okenn fèt mechan yo.
Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
6Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz.
Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.
7Tankou #Sòm 53.5 lè y'ap fann bwa pou fè l fè ti mòso,
se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
8Men, #Sòm 11.1; 25.15 Senyè, Bondye, se sou ou m'ap gade.
Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
Tanpri, pa kite m san sekou!
9Pa #Sòm 140.5 kite m pran nan pèlen yo tann pou mwen,
nan pèlen moun k'ap fè mal yo.
10Se #Estè 7.10; Sòm 7.15,16 pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun,
epi mwen menm, pou m fè chemen mwen!

Chwazi Kounye ya:

Sòm 141: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an