Sòm 142

142
SÒM 142 (141)
Lapriyè pou mande sekou
(1) Chante #Sòm 3.4; 30.8 David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè.
1(2) M'ap #Eza 26.16 louvri bouch mwen, m'ap rele Senyè a.
M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Senyè a.
2(3) M'ap #Sòm 77.3; 140.5 louvri kè m bay Bondye,
m'ap rakonte l mizè mwen.
3(4) Lè m #Sòm 69.20 santi mwen pa kapab ankò,
ou menm, ou konnen sa pou m fè.
Sou chemen kote m'ap pase a
yo tann yon pèlen pou mwen.
4(5) Voye #Sòm 14.6; 27.13; Lam 3.24 je ou toupatou, gade byen!
Tout moun pran pòz pa konnen m.
Pa gen yon moun pou pwoteje m.
Pa gen yon moun pou pran ka m.
5(6) Mwen #Sòm 17.1; 18.17; 79.8 kriye nan pye ou, Senyè!
Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.
Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.
6(7) Panche #Sòm 13.6; Eza 42.7 zòrèy ou, koute sa m'ap di ou!
Mwen fin dekouraje.
Delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo,
paske yo pi fò pase m.
7(8) Wete m nan prizon sa a pou m ka di ou mèsi.
Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo,
paske ou te bon pou mwen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 142: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an